Matye 24:30-35
Matye 24:30-35 HAT98
Lè sa a, n'a wè siy nan syèl la k'ap fè nou konnen Moun Bondye voye nan lachè a ap tounen. Lè sa a, tout nasyon ki sou latè va pran kriye. Y'a wè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini anwo nyaj yo nan syèl la, avèk pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay. Gwo klewon an va sonnen, l'a voye zanj li yo nan kat kwen latè pou sanble tout moun Bondye te chwazi yo, depi yon bout nan syèl la jouk nan lòt bout la. — Pran leson sou pye fig frans lan. Kou l konmanse boujonnen, kou l pouse fèy, nou konnen sezon chalè a sou nou. Menm jan an tou, lè n'a wè tout bagay sa yo rive, nou mèt konnen Moun Bondye voye nan lachè a toupre, li la nan papòt la. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: gen moun nan jenerasyon sa a ki p'ap gentan mouri anvan tout bagay sa yo rive. Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen p'ap janm pase.


