Matye 24:3-8
Matye 24:3-8 HAT98
Jezi te chita sou mòn Olivye yo. Disip li yo te poukont yo ak li. Yo pwoche bò kote li, yo mande li: — Di nou non kilè sa va rive? Di nou ki siy ki va fè nou konnen lè w'ap vini an, lè tan sa a va fini nèt? Jezi reponn yo: — Atansyon pou pèsonn pa twonpe nou. Paske, anpil moun va vini sou non mwen, y'a di se yo menm ki Kris la. Y'a twonpe anpil moun. Nou pral tande lagè ap fèt toupre nou, ansanm ak nouvèl lagè k'ap fèt byen lwen. Koute sa m'ap di nou byen: nou pa bezwen pè. Paske, fòk bagay sa yo rive. Men, se p'ap ankò lafen an sa. Yon pèp pral leve goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi. Va gen anpil grangou, va gen tranblemanntè divès kote. Tou sa, se va tankou tranche anvan akouchman.


