Jezi sòti nan tanp lan, li ta pral fè wout li lè disip li yo pwoche bò kote li. Yo t'ap fè l wè ki jan tanp lan te byen bati. Men li di yo:
— Nou wè tout bagay sa yo! Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Yon lè p'ap gen de wòch k'ap rete kanpe yonn sou lòt. Tou sa pral kraze nèt vide atè.
Jezi te chita sou mòn Olivye yo. Disip li yo te poukont yo ak li. Yo pwoche bò kote li, yo mande li:
— Di nou non kilè sa va rive? Di nou ki siy ki va fè nou konnen lè w'ap vini an, lè tan sa a va fini nèt?
Jezi reponn yo:
— Atansyon pou pèsonn pa twonpe nou. Paske, anpil moun va vini sou non mwen, y'a di se yo menm ki Kris la. Y'a twonpe anpil moun. Nou pral tande lagè ap fèt toupre nou, ansanm ak nouvèl lagè k'ap fèt byen lwen. Koute sa m'ap di nou byen: nou pa bezwen pè. Paske, fòk bagay sa yo rive. Men, se p'ap ankò lafen an sa. Yon pèp pral leve goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi. Va gen anpil grangou, va gen tranblemanntè divès kote. Tou sa, se va tankou tranche anvan akouchman.
— Lè sa a, y'ap pran nou, y'ap lage nou nan men moun k'ap fè nou pase touman, y'ap touye nou. Moun tout nasyon pral rayi nou poutèt mwen. Lè sa a, anpil moun pral jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche, yonn pral denonse lòt, yonn pral rayi lòt. Gen anpil moun k'ap parèt, y'ap pran pòz pwofèt yo, y'a twonpe anpil moun. Ap sitèlman gen mechanste sou latè, pifò moun yonn p'ap renmen lòt. Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se li ki va delivre. Fòk yo gentan mache bay bòn nouvèl Peyi kote Bondye Wa a toupatou sou latè, pou tout moun ka tande mesay la. Se lè sa a atò lafen an va rive.
— Lè nou va wè bagay dwòl nou pa ta renmen wè a, bagay pwofèt Danyèl te pale sou li a, vin chita nan Tanp ki apa pou Bondye a, lè sa a, se pou moun k'ap li chache konprann byen sa y'ap li a Lè sa a, tout moun ki nan peyi Jide pral blije sove al nan mòn. Moun ki anlè teras kay yo, yo p'ap gentan desann pran zafè yo. Moun ki nan jaden pa bezwen tounen lakay yo al pran rechanj. Lè sa a, se p'ap de doulè pou fanm ansent ak nouris yo. Lapriyè Bondye pou jou n'a gen pou n kouri a pa rive ni nan tan fredi, ni yon jou saba. Paske lè sa a, va gen yon gwo lafliksyon moun poko janm wè depi nan konmansman lè Bondye t'ap kreye latè a jouk jòdi a. P'ap janm gen yon lòt tankou l ankò. Si yo pat wete kèk jou sou jou sa yo, pèsonn pa ta sove. Men, y'a wete sou jou sa yo poutèt moun Bondye chwazi yo.