Matye 22:34-46

Matye 22:34-46 HAT98

Lè farizyen yo tande jan Jezi te fèmen bouch sadiseyen yo, yo tout sanble. Yo te vle pran Jezi nan pèlen. Yonn ladan yo ki te dirèktè lalwa mande li: — Mèt, ki kòmandman ki pi konsekan nan tout lalwa a? Jezi reponn li: — Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou. Se kòmandman sa a ki pi gwo, ki pi konsekan. Men dezyèm kòmandman an ki gen menm enpòtans ak premye a: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. De kòmandman sa yo, se yo ki fondasyon tou sa ki nan lalwa Moyiz la ak tou sa pwofèt yo te moutre. Antan farizyen yo te reyini, Jezi poze yo kèsyon sa a: — Dapre nou, kisa Kris la ye? Pitit kilès li ye? Yo reponn li: — Li se pitit pitit David! Jezi di yo: — Bon, kouman David fè rele l Senyè? Paske se Lespri Bondye a menm ki te fè l di: Bondye te di Senyè mwen an: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen mete lènmi ou yo anba pye ou. Si David rele Kris la Senyè, ki jan pou Kris la ka pitit pitit David? Okenn moun pat kapab reponn li yon mo. Depi jou sa a pèsonn pat gen odas poze l kèsyon ankò.