Menm jou a, sadiseyen yo vin bò kote Jezi. (Se sadiseyen yo ki di moun mouri pa leve.) Yo poze Jezi kèsyon sa a: — Mèt, Moyiz te di si yon nonm mouri san kite pitit, frè l gen pou marye ak madanm defen an pou l ka fè pitit pou frè l ki mouri a. Se konsa, te gen sèt frè, moun isit ansanm ak nou. Premye a marye, li mouri san l pat gen pitit. Li kite madanm li pou frè li. Dezyèm lan pase menm jan an tou. Twazyèm lan tou. Konsa, konsa, jouk tout sèt frè yo fin pase. Apre yo tout fin mouri, fanm lan mouri li menm tou. Lè mò yo va gen pou leve, madanm kilès li pral ye la a? Paske, li te madanm yo tout. Jezi reponn yo: — Nou nan lerè wi. Nou pa konprann sa ki ekri nan Liv la, ni nou pa konnen pouvwa Bondye. Lè mò yo va gen pou leve, fanm ak gason pa nan marye ankò. Tout moun pral viv tankou zanj Bondye nan syèl la.
Li Matye 22
Koute Matye 22
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 22:23-30
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo