Paske, yo envite anpil moun, men se de twa ase y'a chwazi. Lè sa a, farizyen yo ale, yo mete tèt yo ansanm pou wè ki jan yo ta ka pran pawòl nan bouch Jezi pou akize li. Yo voye disip pa yo ansanm ak patizan Ewòd yo bò kote Jezi pou mande li: — Mèt, nou konnen ou se moun ki kare. W'ap moutre chemen Bondye a jan l ye a, ou pa pè pèsonn. Paske, ou pa gade sou figi moun. Enben, kisa ou di nan sa: Eske lalwa pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an, wi ou non? Men, Jezi te konnen move lide yo te gen dèyè tèt yo, li reponn: — Poukisa n'ap chache pran m nan pèlen konsa, bann ipokrit? Moutre m pyès lajan nou sèvi pou peye taks la. Yo moutre l yon pyès lajan. Jezi mande yo: — Pòtre ki moun avèk non ki moun ki sou li? Yo reponn li: — Pòtre Seza ak non Seza ki sou li. Lè sa a, Jezi di yo: — Enben, bay Seza sa ki pou Seza. Epi bay Bondye sa ki pou Bondye. Lè yo tande sa, yo pat manke sezi. Yo kite l, y'al fè wout yo.
Li Matye 22
Koute Matye 22
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 22:14-22
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo