Matye 20:1-7

Matye 20:1-7 HAT98

— Men ki jan sa ye nan Peyi Wa ki nan syèl la: Se tankou yon mèt jaden rezen ki sòti granmaten al chache moun vin travay nan jaden rezen l lan. Li antann ak yo pou l ba yo sa yo peye pou yon jounen travay. Li voye yo al travay nan jaden rezen an. Li sòti ankò vè nevè nan maten, li wè kèk lòt moun ki te kanpe sou plas la san yo p'ap fè anyen. Li di yo: Nou menm tou, nou mèt al travay nan jaden rezen m lan, m'a peye nou pou sa n'a fè. Epi y'al travay nan jaden an. Apre sa, mèt jaden an sòti ankò vè midi, ak yon lòt fwa ankò vè twazè nan apremidi, li fè menm bagay la. Li te vè senkè nan apremidi lè li sòti ankò. Li jwenn kèk lòt moun ki te kanpe la sou plas la, li di yo: Poukisa nou rete tout jounen an la san fè anyen konsa? Yo reponn li: Se paske pèsonn pa ban nou travay. Mèt la di yo: Enben, nou menm tou, nou mèt al travay nan jaden rezen m lan.