Matye 20:1-7
Matye 20:1-7 1998 Haïtienne (HAT98)
— Men ki jan sa ye nan Peyi Wa ki nan syèl la: Se tankou yon mèt jaden rezen ki sòti granmaten al chache moun vin travay nan jaden rezen l lan. Li antann ak yo pou l ba yo sa yo peye pou yon jounen travay. Li voye yo al travay nan jaden rezen an. Li sòti ankò vè nevè nan maten, li wè kèk lòt moun ki te kanpe sou plas la san yo p'ap fè anyen. Li di yo: Nou menm tou, nou mèt al travay nan jaden rezen m lan, m'a peye nou pou sa n'a fè. Epi y'al travay nan jaden an. Apre sa, mèt jaden an sòti ankò vè midi, ak yon lòt fwa ankò vè twazè nan apremidi, li fè menm bagay la. Li te vè senkè nan apremidi lè li sòti ankò. Li jwenn kèk lòt moun ki te kanpe la sou plas la, li di yo: Poukisa nou rete tout jounen an la san fè anyen konsa? Yo reponn li: Se paske pèsonn pa ban nou travay. Mèt la di yo: Enben, nou menm tou, nou mèt al travay nan jaden rezen m lan.
Matye 20:1-7 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
« Le Royaume des cieux ressemble à ceci : Un propriétaire sort, le matin, de bonne heure. Il veut embaucher des ouvriers pour sa vigne. Il décide avec les ouvriers de leur donner une pièce d’argent pour la journée, et il les envoie à la vigne. À neuf heures du matin, il sort de nouveau. Il voit d’autres ouvriers qui sont là sur la place et qui ne font rien. Il leur dit : “Vous aussi, allez travailler dans ma vigne, et je vous donnerai un salaire juste.” Les ouvriers vont à la vigne. Le propriétaire sort encore à midi et à trois heures de l’après-midi, et il fait la même chose. Enfin, vers cinq heures de l’après-midi, il sort. Il trouve d’autres ouvriers qui sont là sur la place et il leur demande : “Pourquoi est-ce que vous restez là, toute la journée, sans rien faire ?” Ils lui répondent : “Parce que personne ne nous a embauchés.” Le propriétaire leur dit : “Vous aussi, allez travailler dans ma vigne.”
Matye 20:1-7 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Wayòm Bondye a se tankou yon gwo kiltivatè ki soti byen bonè nan maten pou l al chache travayè pou travay nan jaden rezen l. Li antann li ak yo pou l peye yo yon jounen travay. Epi li voye yo al travay nan jaden an. A nevè di maten, li soti ankò, l ale sou yon plas piblik, epi li wè kèk mesye ki kanpe ki p ap fè anyen. Li di yo: Si nou al travay nan jaden rezen m nan, m ap ba nou yon bagay ki rezonab. Konsa mesye yo te pati al travay nan jaden rezen an. Vè midi ak vè twazè, kiltivatè a refè menm mouvman nevè a. Ozanviwon senkè konsa, li soti ankò epi li jwenn kèk mesye kanpe san yo p ap fè anyen. Li di yo: Poukisa nou kanpe la a tout jounen ap kalewès? Yo reponn li: Pèsonn pa ban nou travay! Li di yo: Al travay nan jaden rezen m nan.
Matye 20:1-7 New International Version (NIV)
“For the kingdom of heaven is like a landowner who went out early in the morning to hire workers for his vineyard. He agreed to pay them a denarius for the day and sent them into his vineyard. “About nine in the morning he went out and saw others standing in the marketplace doing nothing. He told them, ‘You also go and work in my vineyard, and I will pay you whatever is right.’ So they went. “He went out again about noon and about three in the afternoon and did the same thing. About five in the afternoon he went out and found still others standing around. He asked them, ‘Why have you been standing here all day long doing nothing?’ “ ‘Because no one has hired us,’ they answered. “He said to them, ‘You also go and work in my vineyard.’
Matye 20:1-7 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Voici, en effet, à quoi ressemble le royaume des cieux : un propriétaire sort le matin de bonne heure afin d’embaucher des ouvriers pour travailler dans son vignoble. Il convient avec eux de leur donner comme salaire une pièce d’argent pour la journée, puis il les envoie dans sa vigne. Vers neuf heures du matin, il sort de nouveau et en aperçoit d’autres qui se tiennent sur la place du marché sans rien faire. Il leur dit : « Vous aussi, allez travailler dans ma vigne et je vous paierai correctement. » Ils y vont. Il sort encore vers midi, puis vers trois heures de l’après-midi et, chaque fois, il agit de la même manière. Enfin, étant ressorti à cinq heures du soir, il en trouve encore d’autres sur la place. Il leur dit : « Pourquoi restez-vous ainsi toute la journée à ne rien faire ? – C’est que personne ne nous a embauchés. – Eh bien, vous aussi, allez travailler dans ma vigne ! »