Lè sa a, disip yo pwoche kot Jezi, yo mande li: — Ki moun ki gen plis enpòtans nan Peyi Wa ki nan syèl la? Jezi rele yon timoun, li mete l nan mitan yo. Li di: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou pa chanje, si nou pa tounen tankou yon timoun piti, nou p'ap janm ka mete pye nou nan Peyi Wa ki nan syèl la. Se poutèt sa, moun ki va soumèt tèt li devan Bondye, ki va tounen tankou timoun sa a, se li ki va gen plis enpòtans nan Peyi Wa ki nan syèl la. Nenpòt moun ki resevwa yon timoun tankou timoun sa a, se mwen menm li resevwa. — Imajine moun ki ta fè tonbe nan peche yonn nan timoun sa yo ki kwè nan mwen an! Franchman, prefere yo mare yon pwasenkant nan kou li, epi lage li nan fon lanmè. Ala yon lapenn pou lèzòm! Pa manke bagay ki pou fè yo tonbe nan peche! Wi! se vre, bagay sa yo ap toujou la. Men, malè pou moun ki lakòz bagay sa yo rive!
Li Matye 18
Koute Matye 18
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 18:1-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo