Matye 18:1-5
Matye 18:1-5 HAT98
Lè sa a, disip yo pwoche kot Jezi, yo mande li: — Ki moun ki gen plis enpòtans nan Peyi Wa ki nan syèl la? Jezi rele yon timoun, li mete l nan mitan yo. Li di: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou pa chanje, si nou pa tounen tankou yon timoun piti, nou p'ap janm ka mete pye nou nan Peyi Wa ki nan syèl la. Se poutèt sa, moun ki va soumèt tèt li devan Bondye, ki va tounen tankou timoun sa a, se li ki va gen plis enpòtans nan Peyi Wa ki nan syèl la. Nenpòt moun ki resevwa yon timoun tankou timoun sa a, se mwen menm li resevwa.

