Matye 14:26-31

Matye 14:26-31 HAT98

Lè disip yo wè l'ap mache sou dlo a, yo te pè anpil paske yo t'ap di: — Woy, men yon zonbi. Yo pran rele tèlman yo te pè. Menm lè a, Jezi di yo: — Pran tèt nou. Se mwen menm. Nou pa bezwen pè. Lè sa a, Pyè di li: — Mèt, si se ou menm vre, di m vin jwenn ou sou dlo a. Jezi di li: — Vini non. Pyè sòti nan kannòt la, li konmanse mache sou dlo a pou l'al jwenn Jezi. Men, lè Pyè wè jan van an te fò, li pè. Lè sa a, li konmanse koule, li pran rele: — Mèt, sove m non! Menm lè a, Jezi lonje men l, li pran Pyè, li di li: — Gade jan ou manke konfyans. Poukisa ou pa te fin kenbe konfyans ou nèt?