Douvan jou, Jezi pran mache sou dlo a pou l'al jwenn yo. Lè disip yo wè l'ap mache sou dlo a, yo te pè anpil paske yo t'ap di: — Woy, men yon zonbi. Yo pran rele tèlman yo te pè. Menm lè a, Jezi di yo: — Pran tèt nou. Se mwen menm. Nou pa bezwen pè. Lè sa a, Pyè di li: — Mèt, si se ou menm vre, di m vin jwenn ou sou dlo a. Jezi di li: — Vini non. Pyè sòti nan kannòt la, li konmanse mache sou dlo a pou l'al jwenn Jezi. Men, lè Pyè wè jan van an te fò, li pè. Lè sa a, li konmanse koule, li pran rele: — Mèt, sove m non! Menm lè a, Jezi lonje men l, li pran Pyè, li di li: — Gade jan ou manke konfyans. Poukisa ou pa te fin kenbe konfyans ou nèt? Yo tou de moute nan kannòt la, lamenm van an kase. Lè sa a, moun ki te nan kannòt la vin mete ajenou devan Jezi, yo di: — Ou se pitit Bondye a vre.
Li Matye 14
Koute Matye 14
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 14:25-33
9 Jou
Decouvri mirak Jezi yo, kote chak mirak demontre ke li se Pitit Bondye. Chak jou nan plan sa a ap gen yon ti videyo ki esplike mirak prensipal la.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo