Touswit apre sa, Jezi fè disip li yo moute nan kannòt la, li voye yo devan lòt bò lanmè a. Li menm, li te rete dèyè pou l te voye moun yo ale. Lè li fin voye yo ale, li moute pou kont li sou yon ti mòn pou l lapriyè. Solèy te fin kouche, li te la toujou pou kont li. Kannòt la menm te gentan yon bon distans sou lanmè a. Men, lanm yo t'ap bat li, paske van an te kontrè pou yo. Douvan jou, Jezi pran mache sou dlo a pou l'al jwenn yo. Lè disip yo wè l'ap mache sou dlo a, yo te pè anpil paske yo t'ap di: — Woy, men yon zonbi. Yo pran rele tèlman yo te pè. Menm lè a, Jezi di yo: — Pran tèt nou. Se mwen menm. Nou pa bezwen pè.
Li Matye 14
Koute Matye 14
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 14:22-27
9 Jou
Decouvri mirak Jezi yo, kote chak mirak demontre ke li se Pitit Bondye. Chak jou nan plan sa a ap gen yon ti videyo ki esplike mirak prensipal la.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo