Matye 14:1-21

Matye 14:1-21 HAT98

Lè sa a, Ewòd ki t'ap gouvènen nan peyi Galile tande pale sou Jezi. Li di moun ki t'ap travay avè l yo: — Se Jan Batis wi! Se li ki leve vivan nan lanmò. Se poutèt sa li ka fè tout mirak sa yo. Se Ewòd menm ki te fè arete Jan Batis. Li te fè mare l mete nan prizon poutèt Ewodyad, madanm Filip, frè li. Paske Jan te di Ewòd konsa: — Ou pa gendwa pran Ewodyad pou madanm ou. Ewòd te vle touye l, men li te pè jwif yo, paske yo tout te pran Jan Batis pou yon pwofèt. Men, jou fèt Ewòd la, pitit fi Ewodyad la t'ap danse devan tout envite yo. Sa te fè Ewòd plezi anpil. Lè sa a, Ewòd sèmante l'ap ba li nenpòt kisa li ta mande li. Pitit fi Ewodyad la menm koute konsèy manman l te ba li, li di Ewòd: — Fè pote tèt Jan Batis ban mwen kounyeya sou yon plato. Kè wa a kase. Men, akòz gwo sèman li te fè devan tout envite yo, li bay lòd pou yo bay fi a sa l te mande a. Se konsa, Ewòd voye koupe tèt Jan Batis nan prizon an. Yo pote tèt la vini sou yon plato, yo renmèt fi a li. Fi a menm pote l bay manman li. Patizan Jan Batis yo vin pran kò a, yo antere li. Apre sa, y'al di Jezi sa ki te pase. Lè Jezi pran nouvèl sa a, li pati nan yon kannòt. Li te vle al yon kote ki pa gen moun pou l te ka pou kont li. Men, moun yo vin konn sa. Yo kouri sòti nan tout lavil yo, yo pran mache sou rivay la ap swiv li. Lè Jezi desann sòti nan kannòt la, li wè tout foul moun yo. Kè l fè l mal pou yo, li pran geri moun malad yo. Lè solèy fin kouche, disip Jezi yo pwoche bò kote l, yo di l konsa: — Li fin ta wi. Pa gen moun ki rete bò isit la. Voye moun yo ale pou yo ka achte manje nan bouk yo. Jezi reponn yo: — Yo pa bezwen ale. Ba yo manje nou menm. Men yo di li: — Se senk pen ak de pwason ase nou gen la a. Jezi di yo: — Pote yo ban mwen. Apre sa, li bay lòd fè moun yo chita sou zèb la. Li pran senk pen yo ak de pwason yo, li leve je l nan syèl la, li di Bondye mèsi. Li kase pen yo, li bay disip yo. Disip yo menm mache bay tout moun. Tout moun manje vant plen. Apre sa, disip yo plen douz panyen ak ti moso ki te rete, yo pote ale. Te gen senkmil (5,000) gason konsa ki te jwenn manje pou yo manje, san konte fanm ak timoun.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an