Jezi ba yo yon lòt parabòl ankò. Li di yo konsa:
— Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon moun ki te simen bon grenn nan jaden li. Men yon jou aswè, pandan tout moun t'ap dòmi, yon lènmi nonm lan vini, li simen grenn move zèb nan mitan bon grenn yo. Lè bon grenn lan leve, yo tanmen devlope pote fwi. Lè sa a, move zèb yo parèt tou. Moun ki t'ap travay ak mèt jaden an vin di li: Mèt, se pa bon grenn ase nou te simen nan jaden ou lan? Kote move zèb sa yo sòti? Li reponn yo: Se yon lènmi m ki fè sa. Travayè yo mande li: Ou pa ta vle n'al rache move zèb yo? Li di yo: Non, poko fè sa. Paske, antan n'ap rache move zèb yo, nou ka derasinen mayi a avèk yo tou. Kite yo grandi ansanm jouk lè rekòt la va rive. Lè sa a, m'a di moun k'ap ranmase rekòt la: Rache move zèb yo anvan. Mare yo fè pakèt pou n'al boule. Mayi a menm, mete l nan galata mwen.
Li ba yo yon lòt parabòl ankò. Li di yo konsa:
— Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon ti grenn moutad yon nonm pran pou l'al simen nan jaden li. Grenn moutad, se grenn ki pi piti nan tout grenn ki genyen. Men, lè l pouse, li pi gwo pase tout plant menm kalite avèk li. Li vin yon gwo pyebwa. Se konsa zwazo nan syèl la vin fè nich nan branch li yo.
Li di yo yon lòt parabòl ankò:
— Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou ledven yon fanm pran, li mete nan senk mezi farin pou fè tout pat la leve.
Se avèk parabòl konsa Jezi t'ap moutre foul moun yo tout bagay sa yo. Li pat louvri bouch li pou l pat rakonte yo yon parabòl. Sa te pase konsa pou pawòl pwofèt la te ka rive vre:
Se parabòl m'ap ba yo.
M'a fè yo konnen bagay ki te kache depi anvan Bondye te kreye latè.
Apre sa, Jezi kite foul moun yo dèyè, li antre nan kay la. Disip li yo pwoche bò kote l, yo di l konsa:
— Esplike nou parabòl move zèb nan jaden an.
Li reponn yo:
— Moun ki simen bon grenn lan, se Moun Bondye voye nan lachè a. Jaden an se latè. Bon grenn yo, se moun ki fè pati Peyi Wa a. Move zèb yo, se moun ki patizan Satan. Lènmi ki simen move zèb yo, se Satan. Sezon rekòt la, se lè tout bagay va fini nèt la. Moun k'ap ranmase rekòt la, se zanj Bondye yo. Menm jan yo te rache move zèb yo pou jete yo nan dife a, se konsa tou sa pral rive, lè tout bagay va fini. Moun Bondye voye nan lachè a va voye zanj li yo pou yo wete tout moun k'ap fè lòt moun fè peche, ansanm ak moun k'ap fè sa ki mal. Y'a mete yo deyò nan Peyi kote l Wa a. Zanj yo va jete yo nan gwo founo k'ap boule a. Se la va gen rèl. Se la va gen manje dan. Men, lè sa a, moun ki te mache dwat devan Bondye yo va klere tankou solèy nan peyi Papa yo ki Wa a. Si nou gen zòrèy pou n tande, tande.