Matye 13:24-43

Matye 13:24-43 1998 Haïtienne (HAT98)

Jezi ba yo yon lòt parabòl ankò. Li di yo konsa: — Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon moun ki te simen bon grenn nan jaden li. Men yon jou aswè, pandan tout moun t'ap dòmi, yon lènmi nonm lan vini, li simen grenn move zèb nan mitan bon grenn yo. Lè bon grenn lan leve, yo tanmen devlope pote fwi. Lè sa a, move zèb yo parèt tou. Moun ki t'ap travay ak mèt jaden an vin di li: Mèt, se pa bon grenn ase nou te simen nan jaden ou lan? Kote move zèb sa yo sòti? Li reponn yo: Se yon lènmi m ki fè sa. Travayè yo mande li: Ou pa ta vle n'al rache move zèb yo? Li di yo: Non, poko fè sa. Paske, antan n'ap rache move zèb yo, nou ka derasinen mayi a avèk yo tou. Kite yo grandi ansanm jouk lè rekòt la va rive. Lè sa a, m'a di moun k'ap ranmase rekòt la: Rache move zèb yo anvan. Mare yo fè pakèt pou n'al boule. Mayi a menm, mete l nan galata mwen. Li ba yo yon lòt parabòl ankò. Li di yo konsa: — Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon ti grenn moutad yon nonm pran pou l'al simen nan jaden li. Grenn moutad, se grenn ki pi piti nan tout grenn ki genyen. Men, lè l pouse, li pi gwo pase tout plant menm kalite avèk li. Li vin yon gwo pyebwa. Se konsa zwazo nan syèl la vin fè nich nan branch li yo. Li di yo yon lòt parabòl ankò: — Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou ledven yon fanm pran, li mete nan senk mezi farin pou fè tout pat la leve. Se avèk parabòl konsa Jezi t'ap moutre foul moun yo tout bagay sa yo. Li pat louvri bouch li pou l pat rakonte yo yon parabòl. Sa te pase konsa pou pawòl pwofèt la te ka rive vre: Se parabòl m'ap ba yo. M'a fè yo konnen bagay ki te kache depi anvan Bondye te kreye latè. Apre sa, Jezi kite foul moun yo dèyè, li antre nan kay la. Disip li yo pwoche bò kote l, yo di l konsa: — Esplike nou parabòl move zèb nan jaden an. Li reponn yo: — Moun ki simen bon grenn lan, se Moun Bondye voye nan lachè a. Jaden an se latè. Bon grenn yo, se moun ki fè pati Peyi Wa a. Move zèb yo, se moun ki patizan Satan. Lènmi ki simen move zèb yo, se Satan. Sezon rekòt la, se lè tout bagay va fini nèt la. Moun k'ap ranmase rekòt la, se zanj Bondye yo. Menm jan yo te rache move zèb yo pou jete yo nan dife a, se konsa tou sa pral rive, lè tout bagay va fini. Moun Bondye voye nan lachè a va voye zanj li yo pou yo wete tout moun k'ap fè lòt moun fè peche, ansanm ak moun k'ap fè sa ki mal. Y'a mete yo deyò nan Peyi kote l Wa a. Zanj yo va jete yo nan gwo founo k'ap boule a. Se la va gen rèl. Se la va gen manje dan. Men, lè sa a, moun ki te mache dwat devan Bondye yo va klere tankou solèy nan peyi Papa yo ki Wa a. Si nou gen zòrèy pou n tande, tande.

Matye 13:24-43 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Jésus utilise pour eux une autre comparaison : « Le Royaume des cieux ressemble à ceci : Un homme a semé du bon grain dans son champ. Une nuit, pendant que tout le monde dort, son ennemi arrive. Il sème de la mauvaise herbe au milieu du bon grain et il s’en va. Les plantes poussent, elles produisent les épis, et la mauvaise herbe paraît aussi. Les serviteurs vont dire au propriétaire : “Maître, tu as semé du bon grain dans ton champ, n’est-ce pas ? D’où vient donc cette mauvaise herbe ?” Il leur répond : “C’est un ennemi qui a fait cela.” Les serviteurs lui disent : “Est-ce que tu veux que nous allions enlever la mauvaise herbe ?” Le propriétaire leur dit : “Non ! En enlevant la mauvaise herbe, vous risquez d’arracher aussi les épis. Laissez tout pousser ensemble jusqu’à la récolte. Et, au moment de la récolte, je dirai aux ouvriers : Enlevez d’abord la mauvaise herbe, faites des tas pour la brûler. Ensuite, ramassez les épis et mettez la récolte dans mon grenier.” » Jésus utilise pour eux une autre comparaison : « Le Royaume des cieux ressemble à ceci : Un homme a pris une graine de moutarde pour la semer dans son champ. C’est la plus petite de toutes les graines, mais quand elle a poussé, c’est la plus grande des plantes. Elle devient un arbre, et les oiseaux viennent faire leurs nids dans ses branches. » Jésus utilise pour eux une autre comparaison : « Le Royaume des cieux ressemble à ceci : Une femme prend de la levure et la mélange à 25 kilos de farine. Et toute la pâte lève ! » Tout cela, Jésus le dit aux foules avec des comparaisons. Il leur parle toujours avec des comparaisons, pour réaliser ce que le prophète a annoncé : « Je leur parlerai avec des comparaisons. J’annoncerai des choses cachées depuis la création du monde. » Alors Jésus laisse les foules et il s’en va à la maison. Ses disciples s’approchent de lui et lui demandent : « Explique-nous l’histoire de la mauvaise herbe dans le champ. » Jésus leur répond : « Celui qui sème le bon grain, c’est le Fils de l’homme. Le champ, c’est le monde. Le bon grain, ce sont les gens qui appartiennent au Royaume. La mauvaise herbe, ce sont les gens qui appartiennent à l’esprit du mal. L’ennemi qui a semé la mauvaise herbe, c’est l’esprit du mal. La récolte, c’est la fin du monde, et les ouvriers, ce sont les anges. On a ramassé la mauvaise herbe pour la brûler dans le feu. Eh bien, la même chose arrivera à la fin du monde. Le Fils de l’homme enverra ses anges. Ils enlèveront de son Royaume tous ceux qui font tomber les autres dans le péché et tous ceux qui font le mal. Ils les jetteront dans le grand feu. Là, ces gens pleureront et ils grinceront des dents . Mais ceux qui sont fidèles à Dieu brilleront comme le soleil dans le Royaume de leur Père. Celui qui a des oreilles, qu’il écoute ! »

Matye 13:24-43 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Jezi bay foul la yon lòt parabòl: “Wayòm syèl la se tankou yon nonm ki simen bon semans nan jaden li. Nan menm nuit la, pandan tout moun ap dòmi, yon lènmi pase simen grenn zèb nan jaden ble a, epi l ale. Lè ble a grandi epi li kòmanse mete grenn, move zèb yo parèt tou. Travayè mèt jaden an pwoche bò kote li, yo di: Mèt, èske se pa t bon semans nou te simen nan jaden sa a? Kote move zèb sa yo soti? Li reponn yo: se yon lènmi ki fè sa. Travayè yo mande l: Èske w vle nou rache move zèb yo? Li di yo: Non! Nan rache move zèb yo, nou ka rache pye ble tou. Kite yo grandi ansanm jouktan jou rekòt la rive. Lè jou rekòt la rive, m a mande travayè yo pou yo koupe move zèb yo, sanble yo fè pakèt epi boule yo. Apre sa, n a sanble ble a pou nou mete nan depo.” Jezi bay foul la yon lòt parabòl. Li di yo: “Wayòm syèl la se tankou yon grenn moutad yon plantè simen nan jaden l. Grenn moutad la se semans ki pi piti, men lè li grandi, li vin pi gwo plant pami legim yo. Li vin tounen yon pyebwa kote zwazo yo ka fè nich.” Li ba yo yon lòt parabòl: “Wayòm syèl la, se tankou ledven yon fi pran li melanje l ak yon gwo mamit farin pou l fè pen. Ledven an fè tout pat la leve.” Jezi sèvi avèk parabòl pou l di foul la tout bagay sa yo. Alaverite, li toujou sèvi ak istwa ki fè moun reflechi pou l anseye yo. Sa te rive kon sa pou pwofesi sa a te ka akonpli: “M pral pale an parabòl. M pral mete deyò sekrè ki kache depi fondasyon lemonn.” Apre sa Jezi voye foul moun yo ale lakay yo, epi li tounen lakay li. Disip li yo pwoche bò kote li, yo di l: “Ba nou yon ti eksplikasyon sou parabòl zèb nan jaden ble a.” Lè sa a, Jezi di yo: “Moun ki plante bon grenn nan, se Pitit Lòm nan. Jaden an reprezante lemonn antye. Bon grenn nan, se moun ki fè pati wayòm Bondye a. Zèb la se tout moun Satan yo. Lènmi ki plante zèb la se Dyab la. Jou rekòt la reprezante lafendimond. Travayè yo se anj Bondye yo. Menm jan yo rache zèb yo pou boule nan dife, se kon sa sa pral ye lè lafendimond nan rive. Pitit Lòm nan ap voye anj li yo pou vin triye tout sa yo k ap fè peche epi k ap pouse moun fè peche pou retire yo mete deyò wayòm li an. Apre sa anj yo ap voye moun sa yo nan flanm dife kote ki gen kriye ak manje dan. Moun ki te mache dwat devan Bondye pral klere kon solèy nan wayòm Bondye a. Moun ki gen zòrèy pou tande, tande!

Matye 13:24-43 New International Version (NIV)

Jesus told them another parable: “The kingdom of heaven is like a man who sowed good seed in his field. But while everyone was sleeping, his enemy came and sowed weeds among the wheat, and went away. When the wheat sprouted and formed heads, then the weeds also appeared. “The owner’s servants came to him and said, ‘Sir, didn’t you sow good seed in your field? Where then did the weeds come from?’ “ ‘An enemy did this,’ he replied. “The servants asked him, ‘Do you want us to go and pull them up?’ “ ‘No,’ he answered, ‘because while you are pulling the weeds, you may uproot the wheat with them. Let both grow together until the harvest. At that time I will tell the harvesters: First collect the weeds and tie them in bundles to be burned; then gather the wheat and bring it into my barn.’ ” He told them another parable: “The kingdom of heaven is like a mustard seed, which a man took and planted in his field. Though it is the smallest of all seeds, yet when it grows, it is the largest of garden plants and becomes a tree, so that the birds come and perch in its branches.” He told them still another parable: “The kingdom of heaven is like yeast that a woman took and mixed into about sixty pounds of flour until it worked all through the dough.” Jesus spoke all these things to the crowd in parables; he did not say anything to them without using a parable. So was fulfilled what was spoken through the prophet: “I will open my mouth in parables, I will utter things hidden since the creation of the world.” Then he left the crowd and went into the house. His disciples came to him and said, “Explain to us the parable of the weeds in the field.” He answered, “The one who sowed the good seed is the Son of Man. The field is the world, and the good seed stands for the people of the kingdom. The weeds are the people of the evil one, and the enemy who sows them is the devil. The harvest is the end of the age, and the harvesters are angels. “As the weeds are pulled up and burned in the fire, so it will be at the end of the age. The Son of Man will send out his angels, and they will weed out of his kingdom everything that causes sin and all who do evil. They will throw them into the blazing furnace, where there will be weeping and gnashing of teeth. Then the righteous will shine like the sun in the kingdom of their Father. Whoever has ears, let them hear.

Matye 13:24-43 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Il leur proposa une autre parabole : Il en est du royaume des cieux comme d’un homme qui avait semé du bon grain dans son champ. Pendant que tout le monde dormait, son ennemi sema une mauvaise herbe au milieu du blé, puis s’en alla. Quand le blé eut poussé et produit des épis, on vit aussi apparaître la mauvaise herbe. Les serviteurs du propriétaire de ce champ vinrent lui demander : Maître, n’est-ce pas du bon grain que tu as semé dans ton champ ? D’où vient donc cette mauvaise herbe ? Il leur répondit : C’est un ennemi qui a fait cela ! Alors les serviteurs demandèrent : Veux-tu donc que nous arrachions cette mauvaise herbe ? – Non, répondit le maître, car en enlevant la mauvaise herbe, vous risqueriez d’arracher le blé en même temps. Laissez pousser les deux ensemble jusqu’à la moisson. A ce moment-là, je dirai aux moissonneurs : « Enlevez d’abord la mauvaise herbe et liez-la en bottes pour la brûler : ensuite vous couperez le blé et vous le rentrerez dans mon grenier. » Jésus leur raconta une autre parabole : Le royaume des cieux ressemble à une graine de moutarde qu’un homme a prise pour la semer dans son champ. C’est la plus petite de toutes les semences ; mais quand elle a poussé, elle dépasse les autres plantes du potager et devient un arbuste, si bien que les oiseaux du ciel viennent nicher dans ses branches. Il leur raconta une autre parabole : Le royaume des cieux ressemble à du levain qu’une femme a pris pour le mélanger à une vingtaine de kilogrammes de farine. Et à la fin, toute la pâte a levé. Jésus enseigna toutes ces choses aux foules en employant des paraboles, et il ne leur parlait pas sans paraboles. Ainsi s’accomplissait la parole du prophète : J’énoncerai des paraboles, je dirai des secrets ╵ cachés depuis la création du monde . Alors Jésus laissa la foule et il rentra dans la maison. Ses disciples vinrent auprès de lui et lui demandèrent : Explique-nous la parabole de la mauvaise herbe dans le champ. Il leur répondit : Celui qui sème la bonne semence, c’est le Fils de l’homme  ; le champ, c’est le monde ; la bonne semence, ce sont ceux qui font partie du royaume. La mauvaise herbe, ce sont ceux qui suivent le diable. L’ennemi qui a semé les mauvaises graines, c’est le diable ; la moisson, c’est la fin du monde ; les moissonneurs, ce sont les anges. Comme on arrache la mauvaise herbe et qu’on la ramasse pour la jeter au feu, ainsi en sera-t-il à la fin du monde : le Fils de l’homme enverra ses anges et ils élimineront de son royaume tous ceux qui font tomber les autres dans le péché et ceux qui font le mal. Ils les précipiteront dans la fournaise ardente où il y aura des pleurs et d’amers regrets. Alors les justes resplendiront comme le soleil dans le royaume de leur Père. Celui qui a des oreilles, qu’il entende !