Matye 1:12-23

Matye 1:12-23 HAT98

Apre yo te fin mennen yo ale lavil Babilòn, Jekonyas te fè Salatyèl. Salatyèl te papa Zowobabèl. Zowobabèl te papa Abiyoud. Abiyoud te papa Elyakim. Elyakim te papa Azò. Azò te papa Sadòk. Sadòk te papa Akim. Akim te papa Eliyoud. Eliyoud te papa Eleaza. Eleaza te papa Matan. Matan te papa Jakòb. Jakòb te papa Jozèf. Se Jozèf sa a ki te marye ak Mari, manman Jezi yo rele Kris la. Konsa, pran depi Abraram jouk nou rive sou David, te gen antou katòz jenerasyon papa ak pitit. Pran depi David jouk nou rive lè yo te depòte pèp Izrayèl la ale lavil Babilòn, te gen antou katòz jenerasyon papa ak pitit. Pran depi lè yo te depòte pèp la jouk nou rive sou Kris la, te gen katòz jenerasyon papa ak pitit tou. Men kijan Jezikri te rive fèt. Manman li Mari te fyanse ak Jozèf. Anvan menm yo te antre viv nan kay ansanm, Sentespri fè Mari vin twouve li ansent. Jozèf, fyanse l la, te yon nonm dwat. Li pat vle fè eskandal ak sa. Li te vle kase fiyansay la san bri san kont. Li t'ap kalkile sou jan li ta pral fè sa lè li wè yon zanj Bondye parèt devan li nan dòmi. Zanj lan di li: — Jozèf, pitit pitit David, ou pa bezwen pè pran Mari pou madanm ou. Paske, pitit l'ap pote a se travay Sentespri. Li pral fè yon pitit gason. W'a rele l Jezi. Se li menm ki pral delivre pèp li a anba peche l yo. Tou sa pase konsa pou pawòl Bondye te mete nan bouch pwofèt la te ka rive vre. Men sa l te di: Men li, jenn fi a pral ansent, li pral fè yon pitit gason. Y'a rele l Emannwèl. (Non sa a vle di: Bondye avèk nou.)