Matye 1:12-23

Matye 1:12-23 1998 Haïtienne (HAT98)

Apre yo te fin mennen yo ale lavil Babilòn, Jekonyas te fè Salatyèl. Salatyèl te papa Zowobabèl. Zowobabèl te papa Abiyoud. Abiyoud te papa Elyakim. Elyakim te papa Azò. Azò te papa Sadòk. Sadòk te papa Akim. Akim te papa Eliyoud. Eliyoud te papa Eleaza. Eleaza te papa Matan. Matan te papa Jakòb. Jakòb te papa Jozèf. Se Jozèf sa a ki te marye ak Mari, manman Jezi yo rele Kris la. Konsa, pran depi Abraram jouk nou rive sou David, te gen antou katòz jenerasyon papa ak pitit. Pran depi David jouk nou rive lè yo te depòte pèp Izrayèl la ale lavil Babilòn, te gen antou katòz jenerasyon papa ak pitit. Pran depi lè yo te depòte pèp la jouk nou rive sou Kris la, te gen katòz jenerasyon papa ak pitit tou. Men kijan Jezikri te rive fèt. Manman li Mari te fyanse ak Jozèf. Anvan menm yo te antre viv nan kay ansanm, Sentespri fè Mari vin twouve li ansent. Jozèf, fyanse l la, te yon nonm dwat. Li pat vle fè eskandal ak sa. Li te vle kase fiyansay la san bri san kont. Li t'ap kalkile sou jan li ta pral fè sa lè li wè yon zanj Bondye parèt devan li nan dòmi. Zanj lan di li: — Jozèf, pitit pitit David, ou pa bezwen pè pran Mari pou madanm ou. Paske, pitit l'ap pote a se travay Sentespri. Li pral fè yon pitit gason. W'a rele l Jezi. Se li menm ki pral delivre pèp li a anba peche l yo. Tou sa pase konsa pou pawòl Bondye te mete nan bouch pwofèt la te ka rive vre. Men sa l te di: Men li, jenn fi a pral ansent, li pral fè yon pitit gason. Y'a rele l Emannwèl. (Non sa a vle di: Bondye avèk nou.)

Matye 1:12-23 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Après cela, Yekonia est le père de Chéaltiel. Chéaltiel est le père de Zorobabel. Zorobabel est le père d’Abihoud. Abihoud est le père d’Éliakim. Éliakim est le père d’Azor. Azor est le père de Sadoc. Sadoc est le père d’Akim. Akim est le père d’Élioud. Élioud est le père d’Éléazar. Éléazar est le père de Matthan. Matthan est le père de Jacob. Jacob est le père de Joseph. Joseph a pris Marie pour femme, et Marie est la mère de Jésus, qu’on appelle Christ. Voici le total : il y a 14 générations depuis Abraham jusqu’à David. Il y a 14 générations depuis David jusqu’à ce qu’on emmène les Israélites prisonniers à Babylone. Ensuite, il y a encore 14 générations jusqu’au Christ. Voici comment Jésus-Christ est né. Marie, sa mère, est promise en mariage à Joseph. Mais, avant d’habiter avec Joseph, Marie attend un enfant par la puissance de l’Esprit Saint. Joseph, son fiancé, est un homme juste. Il ne veut pas accuser Marie devant tout le monde, alors il décide de la renvoyer en secret. Au moment où il pense à cela, l’ange du Seigneur se montre à lui dans un rêve. L’ange lui dit : « Joseph, fils de David, n’aie pas peur de prendre chez toi Marie, ta femme. Oui, l’enfant qui est dans son ventre vient de l’Esprit Saint. Elle va mettre au monde un fils, et toi, tu l’appelleras Jésus . En effet, c’est lui qui sauvera son peuple de ses péchés. » Ainsi se réalise ce que le prophète a dit de la part du Seigneur : « La jeune fille attendra un enfant. Elle mettra au monde un fils. On l’appellera Emmanuel, ce qui veut dire “Dieu avec nous”. »

Matye 1:12-23 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Apre yo fin egzile yo nan peyi Babilòn: Jojakin te fè Salatyèl. Salatyèl se te papa Zowobabèl. Zowobabèl se te papa Abiyoud. Abiyoud se te papa Elyakim. Elyakim se te papa Azò. Azò se te papa Sadòk. Sadòk se te papa Akim. Akim se te papa Eliyoud. Eliyoud se te papa Eleyaza. Eleyaza se te papa Matan. Matan se te papa Jakòb. Jakòb se te papa Jozèf. Jozèf te marye ak Mari, Mari se te manman Jezi, Sila a yo rele Kris la. Konsa, sòti nan Abraram pou rive nan David, gen katòz jenerasyon papa ak pitit. Sòti nan David pou rive nan depòtasyon pèp la nan peyi Babilòn, gen yon lòt katòz jenerasyon. Sòti nan depòtasyon nan peyi Babilòn pou rive nan dat nesans Mesi a, gen yon lòt katòz jenerasyon. Men kijan Jezikris te fèt: Mari, manman li te fiyanse ak Jozèf. Anvan dat maryaj la te rive, Jozèf vin aprann Mari te ansent pa pouvwa Sentespri Bondye. Jozèf, fiyanse Mari a, se te yon nèg debyen. Li deside pou l kraze relasyon an san fè gwo bri, pou evite twòp eskandal. Men pandan Jozèf t ap reflechi sou sa k pase a, yon anj Senyè a parèt devan l nan yon rèv. Men sa anj lan te di l: “Jozèf, pitit pitit David, ou pa bezwen pè pran Mari pou madanm ou, paske pitit ki nan vant li a, se travay Sentespri a. L ap fè yon pitit gason, ou va rele l Jezi, paske se li menm ki pral delivre pèp li a anba chay peche l yo.” Tout sa rive pou fè nou konprann pi byen sa Senyè a te di pa mwayen pwofèt la: “Tande koze wi! Jèn fi ki pa ko nan gason an pral ansent, l ap fè yon pitit gason, y a rele l Emanyèl.”

Matye 1:12-23 New International Version (NIV)

After the exile to Babylon: Jeconiah was the father of Shealtiel, Shealtiel the father of Zerubbabel, Zerubbabel the father of Abihud, Abihud the father of Eliakim, Eliakim the father of Azor, Azor the father of Zadok, Zadok the father of Akim, Akim the father of Elihud, Elihud the father of Eleazar, Eleazar the father of Matthan, Matthan the father of Jacob, and Jacob the father of Joseph, the husband of Mary, and Mary was the mother of Jesus who is called the Messiah. Thus there were fourteen generations in all from Abraham to David, fourteen from David to the exile to Babylon, and fourteen from the exile to the Messiah. This is how the birth of Jesus the Messiah came about: His mother Mary was pledged to be married to Joseph, but before they came together, she was found to be pregnant through the Holy Spirit. Because Joseph her husband was faithful to the law, and yet did not want to expose her to public disgrace, he had in mind to divorce her quietly. But after he had considered this, an angel of the Lord appeared to him in a dream and said, “Joseph son of David, do not be afraid to take Mary home as your wife, because what is conceived in her is from the Holy Spirit. She will give birth to a son, and you are to give him the name Jesus, because he will save his people from their sins.” All this took place to fulfill what the Lord had said through the prophet: “The virgin will conceive and give birth to a son, and they will call him Immanuel” (which means “God with us”).

Matye 1:12-23 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Après la déportation à Babylone, Yekonia eut pour descendant Shealtiel. Shealtiel eut pour descendant Zorobabel. Zorobabel eut pour descendant Abioud. Abioud eut pour descendant Eliaqim. Eliaqim eut pour descendant Azor. Azor eut pour descendant Sadoq. Sadoq eut pour descendant Ahim. Ahim eut pour descendant Elioud. Elioud eut pour descendant Eléazar. Eléazar eut pour descendant Matthan. Matthan eut pour descendant Jacob. Jacob eut pour descendant Joseph, l’époux de Marie, de laquelle est né Jésus, appelé Christ. Il y eut donc en tout quatorze générations d’Abraham à David, quatorze de David jusqu’à la déportation à Babylone, et quatorze de cette déportation jusqu’à Christ. Voici dans quelles circonstances Jésus-Christ vint au monde : Marie, sa mère, était liée par fiançailles à Joseph ; or elle se trouva enceinte par l’action du Saint-Esprit, avant qu’ils aient vécu ensemble. Joseph, son futur mari, était un homme juste. Il ne voulait pas la livrer au déshonneur. C’est pourquoi il se proposa de rompre ses fiançailles sans en ébruiter la raison. Il réfléchissait à ce projet quand un ange du Seigneur lui apparut en rêve et lui dit : Joseph, descendant de David, ne crains pas de prendre Marie pour femme, car l’enfant qu’elle porte vient de l’Esprit Saint. Elle donnera naissance à un fils, tu l’appelleras Jésus. C’est lui, en effet, qui sauvera son peuple de ses péchés. Tout cela arriva pour que s’accomplisse cette parole du Seigneur transmise par le prophète : Voici, la jeune fille vierge sera enceinte. Et elle enfantera un fils que l’on appellera Emmanuel, ce qui veut dire : Dieu avec nous .