Lik 21

21
Ofrann vèv la
(Mak 12.41-44)
1Jezi pwonmennen je l toupatou nan tanp #Mak 12.41-44 lan, epi li wè moun rich yo ki t'ap mete lajan nan bwat kote yo mete ofrann nan tanp lan. 2Li wè yon pòv vèv tou ki lage de pyès senk kòb nan kès la. 3Li #2 Kor 8.12 di:
— Sa m'ap di nou la a, se vre wi: pòv vèv sa a bay plis pase tout lòt moun yo. 4Paske, tout moun sa yo, se sa yo pa bezwen yo mete nan bwat la. Men li menm, nan tout mizè li, li bay tou sa l te gen pou l viv.
Jezi anonse tanp lan gen pou kraze
(Matye 24.1-2; Mak 13.1-2)
5Te #Mat 24.1-21; Mak 13.1-19 gen kèk moun ki t'ap pale sou tanp lan. Yo t'ap di jan li te byen dekore avèk bèl wòch li yo ansanm ak tout bèl bagay moun te ofri bay Bondye. Lè sa a, Jezi di:
6— Nou #Lik 19.44 wè tout bagay sa yo, yon jou, p'ap gen de wòch k'ap kanpe yonn sou lòt. Tou sa pral kraze nèt vide atè.
Bagay k'ap rive anvan tan sa a bout
(Matye 24.3-14; Mak 13.3-13)
7Yo mande li:
— Mèt, kilè sa va rive? Kisa ki va fè nou konnen lè tout bagay sa yo prèt pou rive?
8Jezi #Da 7.22 di yo:
— Veye kò nou pou pesonn pa twonpe nou. Paske plizyè moun va vin sou non mwen. Y'a di: Se mwen ki Kris la! Y'a di Jou a rive! Pa koute yo. 9#Da 2.28 n'a pran nouvèl lagè ak revolisyon k'ap fèt, nou pa bezwen pè. Fòk bagay sa yo rive anvan. Men, se p'ap ankò lafen an sa.
10Li #Eza 19.2; 2 Kwo 15.6 di yo ankò:
— Yon pèp va goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi. 11Va gen gwo tranblemanntè. Nan divès kote va gen grangou ak epidemi. Lè sa a, va gen bagay terib ak gwo kokenn chenn siy k'ap parèt nan syèl la. 12Men #Lik 12.11 anvan tou sa, y'ap arete nou, y'ap maltrete nou. Y'ap trennen nou nan sinagòg pou yo jije nou. Y'ap mete nou nan prizon, y'ap fè nou konparèt devan wa ak chèf gouvènman poutèt mwen. 13Se va yon bèl okazyon pou nou kanpe pale verite a. 14Mete #Mat 10.19 sa byen nan tèt nou: nou pa bezwen bat tèt nou pou nou konnen davans ki jan nou pral fè defans nou. 15Se #Tra 6.10 mwen menm ki va mete pawòl nan bouch nou, ki va ban nou konprann. Konsa, nan moun ki nan kont avèk nou yo, yo yonn p'ap ka kenbe tèt ak nou, ni yo p'ap kapab demanti sa n'a di. 16Lè sa a, se papa nou ak manman nou, frè nou, pwòp fanmi nou ak bon zanmi nou ki va denonse nou, y'ap fè touye anpil nan nou. 17Tout #Mat 10.21,22 moun pral rayi nou poutèt mwen. 18Men, #Lik 12.7; 1 Sam 14.45 pa yon grenn cheve nan tèt nou p'ap pèdi. 19Kenbe #2 Kwo 15.7; Eb 10.36 fèm, se konsa n'a sove lavi nou.
Jezi anonse lavil Jerizalèm gen pou kraze
(Matye 24.15-22; Mak 13.14-19)
20— Lè n'a wè yon bann lame ap sènen lavil Jerizalèm toupatou, n'a konnen lè sa a yo prèt pou kraze l nèt. 21Wi, lè sa a tout moun ki nan peyi Jide, se sove al nan mòn. Moun ki nan mitan lavil Jerizalèm, se kouri met deyò. Moun ki nan jaden p'ap bezwen antre lavil. 22Jou #Det 32.35; Oze 9.7; Jer 5.29 sa yo, se va Jou Chatiman, lè tou sa ki te ekri nan Liv la pral rive. 23#1 Kor 7.26 sa a, se p'ap ti lapenn pou fanm ansent ak nouris yo, paske va gen yon gwo dezolasyon nan peyi a: kòlè Bondye pral tonbe sou pèp sa a. 24Y'ap #Det 28.64; Zak 12.3; Eza 63.18; Sòm 79.1; Da 8.10; Wòm 11.25; Rev 11.2 touye yo ak nepe, y'ap mete men sou yo, y'ap depòte yo nan tout lòt peyi. Pou lavil Jerizalèm lan menm, moun lòt nasyon yo gen pou yo foule l anba pye yo, jouk tan dèle yo ba yo a va bout.
Moun Bondye te voye nan lachè a ap tounen
(Matye 24.29-31; Mak 13.24-27)
25— Gen #Mat 24.29,30; Mak 13.24-26 siy #Sòm 65.7 ki pou parèt nan solèy, nan lalin ak nan zetwal yo. Sou latè menm, tout pèp yo pral pran tranble, yo p'ap konn sa pou yo fè devan gwo bri lanmè a ap fè ak lanm li yo. 26Gen #Eza 34.4 moun k'ap mouri tèlman y'ap pè lè y'a chonje malè ki pral rive sou tout latè, paske pouvwa ki nan syèl yo va tranble. 27#Da 7.13; Mat 26.64 sa a, y'a wè m, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, ap vini nan yon nyaj, avèk anpil pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay. 28#Fil 4.4,5 bagay sa yo va konmanse rive, leve kanpe, leve tèt nou, paske Bondye p'ap lwen vin delivre nou.
Pran leson sou pye fig frans lan
(Matye 24.32-35; Mak 13.28-31)
29Epi #Mat 24.32-35; Mak 13.28-31 Jezi di yo yon parabòl:
— Gade pye fig frans lan ak tout lòt pyebwa yo. 30Lè nou wè yo konmanse ap boujonnen, nou tou konnen lete sou nou. 31Menm jan an tou, lè n'a wè bagay sa yo rive, nou mèt konnen Gouvènman Bondye ki Wa a toupre. 32Sa m'ap di nou la a, se vre wi: gen moun k'ap viv kounyeya ki p'ap gentan mouri anvan tout bagay sa yo rive. 33Syèl #Lik 16.17 la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen yo p'ap janm pase.
Pa kite dòmi pran nou
34— Pran #Lik 17.27; Mak 4.19; Mat 24.49 prekosyon nou, pa kite banbòch, bweson ak traka lavi sa a chaje tèt nou pou jou a pa rive sou nou lè n pa ta kwè. 35Paske, #Eza 24.17; 1 Tes 5.3 jou sa a ap tonbe tankou yon privye sou tout moun ki rete sou latè. 36Pa #Mak 13.33; Rev 6.17 kite dòmi pran nou, lapriyè tout tan. Konsa n'a gen fòs pou n chape anba tou sa ki gen pou rive, pou n ka kanpe dwat devan Moun Bondye voye nan lachè a.
37Tout #Lik 19.47; Jan 8.1 lajounen Jezi te nan tanp lan, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Men, lè solèy fin kouche, li te konn sòti al pase nwit sou mòn Oliv la. 38Chak maten, byen bonè, tout pèp la te konn al jwenn li nan tanp lan pou tande sa l t'ap di.

Chwazi Kounye ya:

Lik 21: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an