Levitik 6:1-13

Levitik 6:1-13 HAT98

Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa: — Si yon moun fè peche, si li fè bagay Senyè a pa vle moun fè, si li bay yon moun pèp Izrayèl parèy li manti sou bagay li te mete an depo lakay li, sou bagay li te ba li kenbe pou li an zanmi, ou ankò si li vòlò l, ou ankò si li twonpe l, ou ankò si li jwenn bagay lòt la te pèdi epi li manti, li sèmante li pat jwenn li, pou tout bagay mal sa yo yon moun ka fè, se pou yo fè yon ofrann. Lè yon moun fè yon peche konsa, li koupab, se pou li renmèt li, kit sa li te vòlò oubyen li te pran anmètdam lan, kit depo yo te ba li, kit se bagay pèdi li te jwenn lan, osinon sa li te sèmante li pa te jwenn nan. Wi, se pou li renmèt tout, plis ven pou san, bay mèt bagay la, jou l'ap fè ofrann pou peye sa li te fè ki mal la. Apre sa, l'a pran yon belye nan bèt li yo, yonn ki san okenn enfimite, l'a mennen l bay prèt la ki va ofri l bay Senyè a pou li peye pou sa l te fè ki mal la. Y'a kalkile pri belye a dapre sa yo gen pou yo peye pou ofrann konsa. Prèt la va fè ofrann lan pou li bay Senyè a. Bondye va padonnen l nenpòt kisa li te fè li pat dwe fè. Senyè a pale ak Moyiz, li di l ankò: — Men lòd pou ou pase Arawon ansanm ak pitit gason l yo. Men ki jan pou yo fè ofrann pou yo boule nèt pou Senyè a. Se pou ofrann lan pase tout nwit la ap boule jouk denmen maten sou lotèl la. Se pou dife sou lotèl la pa janm mouri. Nan maten, prèt la va chanje rad sou li, l'a mete yon chemiz fèt ak twal fen blan, ansanm ak yon kalson ki fèt ak menm twal la, l'a wete sann ki rete apre ofrann lan fin boule nèt sou lotèl la, l'a mete l sou kote lotèl la. Apre sa, l'a chanje rad ankò. L'a mete rad òdinè sou li. L'a pote sann lan kote ki rezève pou sa a lòt bò limit kote moun yo rete a. Fòk dife ki sou lotèl la toujou ap boule. Pa janm kite l mouri. Chak maten prèt la va mete bwa ladan l, epi l'a ranje ofrann pou boule a sou li, epi l'a boule grès ofrann yo fè pou di Bondye mèsi a. Se pou dife a toujou ap boule sou lotèl la. Pa janm kite l mouri.