Levitik 19:13-18
Levitik 19:13-18 HAT98
Piga nou pwofite sou moun menm ras ak nou. Lè lè pou nou peye moun ki travay pou nou an rive, peye li lajan li. Piga nou voye li pou denmen. Piga di ni fè mechanste sou moun soud. Piga ou mete okenn bagay sou chemen avèg pou fè li tonbe. Se pou nou gen krentif pou mwen. Se mwen menm Senyè a ki di sa. Piga nou fè lenjistis nan tribinal. Piga nou fè patipri pou pòv, ni piga nou achte figi grannèg. N'a rann jistis pou tout frè parèy nou san paspouki. Pa nou fè kouri fo bri sou moun menm ras ak nou. Piga nou kanpe pou fè touye moun menm ras ak nou san rezon. Se mwen menm ki Senyè a. Piga nou kenbe frè nou nan kè. Si yo gen kichòy avèk nou, regle sa lapoula. Konsa yo p'ap lakòz nou tonbe nan peche. Piga nou tire revanj sou pèsonn. Piga nou kenbe moun menm ras ak nou nan kè, men se pou nou renmen yo tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Se mwen menm ki Senyè a!

