Levitik 16:20-34

Levitik 16:20-34 HAT98

Lè Arawon va fin fè sèvis pou wete peche pou kote ki apa nèt pou Bondye a, pou Tant Randevou a ak pou lotèl la, l'a fè yo pwoche bouk kabrit vivan yo te chwazi pou Azazèl la devan Senyè a. L'a mete tou de men l yo sou tèt kabrit la, l'a rekonèt sou li tout peche, tout mechanste ak tout movezak pèp Izrayèl la te fè. Se konsa l'a mete tout peche sa yo sou tèt kabrit la. Lèfini, l'a fè moun ki chwazi pou sa a mennen kabrit la al lage l nan dezè a. Bouk la va pote tout peche yo ale sou li yon zòn kote pa gen moun rete la. Apre sa, Arawon va antre ankò nan Tant Randevou a. L'a wete rad fen blan li te mete sou li pou li te ka antre nan kote ki apa nèt pou Senyè a, l'a kite yo la. L'a pran yon bon beny nan kote yo mete apa pou sa a, l'a mete lòt rad sou li. Apre sa, l'a sòti, l'a ofri bèt pou yo boule nèt yo pou peche pa l yo ak pou tout peche pèp la. L'a fè sèvis pou mande Bondye padon. L'a pran grès bèt yo te ofri pou peche a, l'a boule yo sou lotèl la. Nonm ki te al lage bouk kabrit la pou Azazèl nan dèzè a gen pou l lave tout rad ki sou li, epi pou l pran yon bon beny nan gwo dlo, anvan li tounen nan kan kote moun yo rete a. Y'a pran towo bèf ak kabrit yo touye pou wete peche a, y'a pote yo ale deyò limit kan kote moun yo rete a, epi y'a boule po yo ansanm ak tout tripay yo nèt. Se san bèt sa yo yo te pote kote ki apa nèt pou Senyè a pou fè sèvis pou mande padon peche. Moun ki te al boule yo a va gen pou l lave rad li tou, pou l benyen nèt nan gwo dlo anvan li tounen nan kan kote moun yo rete a. Men regleman pou nou fè tout tan tout tan jouk sa kaba. Sou dizyèm jou nan setyèm mwa a, tout moun pèp Izrayèl yo ansanm ak tout moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo va fè jèn pou imilye yo devan Bondye. Yo p'ap fè okenn travay jou sa a. Paske, jou sa a y'a fè sèvis pou wete yo anba tout peche yo, pou yo ka parèt nan bon kondisyon devan Senyè a. Jou sa a va yon jou espesyal pou nou fè jèn, yon jou pou nou pa travay menm. Se lòd mwen ban nou, se pou nou toujou fè sèvis sa a. Se va reskonsabilite granprèt yo va mete apa pou fè sèvis Senyè a nan plas papa l la pou li fè sèvis pou mande Bondye padon, l'a mete rad fen blan yo, rad pou prèt yo mete lè y'ap fè sèvis. L'a fè sèvis pou wete peche pou kote ki apa nèt pou Bondye a, pou Tant Randevou a ak pou lotèl la, l'a fè ofrann pou prèt yo ak pou tout pèp Izrayèl la. Men regleman pou nou swiv tout tan tout tan. Se yon sèvis pou yo fè yon fwa chak lanne pou mande padon pou peche pèp Izrayèl la. Yo te fè tout bagay jan Senyè a te bay Moyiz lòd fè a.