Yo menm, okontrè, y'ap pale mal sou sa yo pa konnen. Sèl sa yo konnen se bagay ensten yo moutre yo, yo tankou bèt san konprann. Se bagay sa yo menm k'ap pèdi yo. Malè pou yo! Y'ap fè menm wout ak Kayen. Pou yo ka fè kòb, yo lage kò yo nan menm move chemen Balaram lan. Y'a mouri tankou Kore ki te peri nan fè rebèl ak Bondye. Moun sa yo, se gate yo vin gate manje n'ap fè pou frè yo. Yo san wont konsa. Yo vin manje, yo vin bwè kont kò yo san chonje moun. Se pwòp tèt yo ase yo konnen. Yo tankou nyaj van ap gaye nan syèl la san bay lapli. Yo tankou pyebwa ki pa janm donnen, menm nan sezon rekòt. Wi, yo tankou pyebwa yo derasinen epi ki fin mouri nèt. Yo tankou lanm lanmè lè lanmè a move. Y'ap pouse kim salte yo met deyò. Yo tankou zetwal ki pèdi wout yo. Bondye sere yon plas pou yo kote ki fè pi nwa a pou tout tan.
Li Jid 1
Koute Jid 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jid 1:10-13
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo