Nan denmen maten vre, Jozye leve byen bonè, li fè tout pèp Izrayèl la pwoche vin jwenn li, branch fanmi pa branch fanmi. Se branch fanmi Jida a Senyè a te denonse. Li fè fanmi Jida yo vin jwenn li yonn apre lòt. Se fanmi Zerak la Senyè a te denonse. Li fè tout chèf fanmi Zerak yo vin jwenn li yonn apre lòt ak tout fanmi yo. Se Zabdi Senyè a te denonse. Zabdi fè tout moun pa l yo pwoche grenn pa grenn. Se konsa Senyè a denonse Akan, pitit Kami an. Kami te pitit Zabdi, Zabdi te pitit Zerak, yo tout te fè pati branch fanmi Jida a.
Jozye di Akan konsa:
— Pitit mwen, fè lwanj Senyè a! Moutre ou gen respe pou Bondye pèp Izrayèl la! Kounyeya, di m kisa ou fè. Pa kache m anyen.
Akan reponn li:
— Se vre wi. Se mwen ki peche kont Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Men sa m fè. Nan bagay nou te pran apre batay la, mwen te wè yon bèl manto ki te sòti lavil Babilòn, desan (200) pyès an ajan ki te peze wit liv antou, ak yon gwo moso lò ki te peze de liv. Mwen te sitèlman anvi yo, mwen pran yo. Mwen fouye yon twou nan mitan tant kote m rete a, mwen antere yo ladan l, avèk pyès ajan yo anba nèt.
Jozye voye kèk mesaje ki kouri al nan tant Akan an. Yo jwenn tout bagay yo nan twou a avèk pyès ajan yo anba nèt. Yo pran yo, yo sòti avèk yo nan tant lan. Yo pote yo bay Jozye ak tout pèp Izrayèl la. Yo mete yo atè devan Senyè a. Jozye, ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo, pran Akan, pyès ajan yo, manto a, moso lò a ansanm ak pitit fi l yo, pitit gason l yo, bèlfi li yo, bèf li yo, bourik li yo, mouton l yo ak tout lòt bagay li te genyen, yo mennen yo nan Fon Malè. Epi Jozye di Akan konsa:
— Poukisa ou rale tout malè sa a sou tèt nou? Jòdi a, Senyè a pral fè malè tonbe sou ou!
Epi tout moun pèp Izrayèl yo pran wòch, yo kalonnen yo jouk yo touye yo. Yo boule tout bagay yo nan dife. Yo touye tout fanmi l yo ak bèt li yo ak koutwòch. Yo mete yon gwo pil wòch sou yo. Gwo pil wòch sa a la jouk jòdi a. Se poutèt sa, jouk jòdi a, yo rele kote sa a Fon Malè.
Se konsa Senyè a te sispann move sou pèp la.