Sou setyèm jou a, yo leve lè bajou kase, yo mache menm jan an. Men, jou sa a yo fè wonn lavil la sèt fwa. Se jou sa a ase yo te fè wonn lavil la sèt fwa. Setyèm fwa a, apre prèt yo fin kònen kòn belye yo, Jozye di pèp la konsa: — Nou mèt rele kounyeya! Senyè a lage lavil la nan men nou! Nou pral ofri lavil la ak tou sa ki ladan l tankou yon ofrann pou Bondye. Nou pral touye dènye moun ki ladan l. Sèl moun ki va rete vivan, se va Rarab, jennès la, ak tout moun ki va lakay li, paske li te kache mesaje nou te voye yo. Men, nou menm, pa mete men nan sa nou gen pou nou detwi pou Senyè a. Si nou manyen sa nou gen pou nou detwi yo, n'ap lakòz malè tonbe sou kay moun Izrayèl yo, n'ap lakòz tèt chaje vin pou tout moun. Tout bagay ki fèt ak lò, ak lajan, ak fè osinon ak kwiv, n'a mete yo apa pou Senyè a. N'a depoze yo nan depo richès Senyè a.
Li Jozye 6
Koute Jozye 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jozye 6:15-19
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo