Jozye 3:7-13

Jozye 3:7-13 HAT98

Senyè a di Jozye konsa: — Sa mwen pral fè jòdi a pral fè tout pèp Izrayèl la respekte ou tankou yon grannèg. Yo pral konnen mwen kanpe la avè ou menm jan mwen te kanpe avèk Moyiz. Ou menm, pase prèt k'ap pote Bwat Kontra a lòd sa a. Di yo lè y'a rive bò rivyè a, y'a antre nan dlo a, epi y'a rete toupre rivay la. Lè sa a, Jozye di moun pèp Izrayèl la: — Pwoche non: Vin tande sa Senyè a, Bondye nou an, gen pou di nou. Lèfini, Jozye di yo konsa: — Jòdi a, nou pral konnen Senyè a, Bondye vivan an, nan mitan nou vre. Li pral chase devan nou moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Evi yo, moun Ferezi yo, moun Gigach yo, moun Amori yo, moun Jebis yo. Bwat Kontra Mèt tout latè a pral janbe lòt bò larivyè Jouden an anvan nou. Chwazi douzòm, yonn nan chak branch fanmi pèp Izrayèl la. Lè prèt k'ap pote Bwat Kontra Senyè a, Mèt tout latè a, va mete pye yo nan dlo larivyè Jouden an, larivyè a pral sispann koule desann, dlo a pral gonfle yon sèl kote bò tèt dlo a.