Lè sa a, Jozye di pèp la: — Nou p'ap ka sèvi Senyè a paske li se yon Bondye ki apa, yon Bondye ki jalou. Li p'ap janm padonnen peche nou yo ak sa n'ap fè ki mal. Si nou lage Senyè a, si n'al sèvi lòt bondye, Senyè a pral leve dèyè nou. Atout li te fin fè tout byen sa yo pou nou, la pini nou, la fini nèt ak nou. Pèp la reponn: — Non. Sa p'ap janm rive. Se Senyè a n'ap sèvi! Lè sa a, Jozye di pèp la: — Mwen pran nou sèvi temwen, se nou menm menm ki chwazi se Senyè a n'ap sèvi. Yo reponn: — Wi, nou tout temwen. Jozye di yo lè sa a: — Kounyeya, se pou nou pran tout bondye lòt pèp ki nan mitan nou ap sèvi, voye yo jete. Se pou nou apiye nèt ak tout kè nou sou Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Pèp la reponn li: — Se Senyè a, Bondye nou an, n'ap sèvi. N'ap koute tou sa li di nou fè. Se konsa, jou sa a, Jozye pase yon kontra avèk pèp la lavil Sichèm. Li ba yo tout lwa ak tout regleman pou yo swiv. Jozye ekri yo tout nan liv lalwa Bondye a. Li pran yon gwo wòch, li plante l kanpe anba pye chenn ki te anndan kote yo te mete apa pou Senyè a. Epi Jozye di pèp la konsa: — Nou wè wòch sa a! Enben, l'ap sèvi yon mak pou l fè nou chonje paske li te tande tout pawòl Senyè a te di nou. L'ap sèvi yon mak pou l fè nou chonje pou nou pa janm vire do bay Bondye nou an! Apre sa, Jozye voye pèp la ale, chak moun sou pòsyon tè ki te vin pou fanmi yo.
Li Jozye 24
Koute Jozye 24
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jozye 24:19-28
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo