Lè sa a, Jozye fè rele tout moun nan branch fanmi Riben, nan branch fanmi Gad ak nan mwatye branch fanmi Manase a, li reyini yo, li di yo:
— Nou fè tou sa Moyiz, sèvitè Senyè a, te ban nou lòd fè a. Nou te koute m chak fwa mwen te mande nou fè kichòy. Depi nan konmansman rive jòdi a, nou pa lage moun pèp Izrayèl parèy nou yo, nou te fè tou sa Senyè a, Bondye nou an, te mande nou fè. Kounyeya, Senyè a, Bondye nou an, ba yo lapè jan li te di yo a. Se konsa, nou mèt tounen al lakay nou, nan peyi ki pou nou an, peyi Moyiz, sèvitè Senyè a, te ban nou lòt bò larivyè Jouden. Sèl bagay n'ap mande nou, se pou nou obeyi kòmandman ak lalwa Moyiz, sèvitè Senyè a, te ban nou an. Se pou nou renmen Senyè a, Bondye nou an. Se pou nou toujou mache nan chemen li mete devan nou an. Se pou nou fè tou sa l mande nou fè. Se pou nou kenbe pye l fèm. Se pou nou sèvi l ak tout kè nou ak tout nanm nou.
Apre sa, Jozye ba yo benediksyon, li voye yo ale. Epi, y'al lakay yo.
Moyiz te pran peyi Bazan an, li te bay mwatye nan branch fanmi Manase a. Jozye menm te bay lòt mwatye branch fanmi an yon pòsyon tè nan peyi ki sou bò solèy kouche larivyè Jouden an ansanm ak lòt branch fanmi pèp la. Lè Jozye t'ap voye premye mwatye moun Manase yo ale lakay yo, lè li fin beni yo, li di yo konsa:
— N'ap tounen lakay nou avèk anpil richès, avèk anpil bèt, avèk anpil bagay fèt an ajan, an lò, an kwiv, an fè, ansanm ak anpil rad. Separe avèk moun pèp Izrayèl parèy nou yo tou sa nou te pran nan men lènmi nou yo nan lagè.
Se konsa, moun branch fanmi Riben yo, moun branch fanmi Gad yo ak mwatye moun nan branch fanmi Manase yo tounen tounen yo lakay yo. Yo kite rès pèp Izrayèl la lavil Silo nan peyi Kanaran, y'al nan peyi Galarad, nan peyi yo te ba yo a, dapre lòd Senyè a te bay Moyiz pou yo.
Lè moun Riben yo, moun Gad yo ak mwatye moun Manase yo rive devan larivyè Jouden, sou bò peyi Kanaran an, yo bati yon kokennchenn lotèl sou rivay la. Lòt moun pèp Izrayèl yo vin konn sa. Moun te vin di yo:
— Men moun Riben yo, moun Gad yo ak mwatye moun Manase yo bati yon lotèl toupre larivyè Jouden sou fontyè peyi Kanaran an, sou bò peyi moun Izrayèl yo.
Lè pèp Izrayèl la vin konn sa, tout moun sanble lavil Silo pou y'al goumen ak moun Riben yo, moun Gad yo ak lòt mwatye moun Manase yo. Moun pèp Izrayèl yo voye Fineas, pitit gason Eleaza, prèt la, bò kote moun Riben yo, moun Gad yo ansanm ak mwatye moun Manase yo nan pèyi Galarad. Yo te pran dis chèf, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, yo voye yo avèk Fineas. Chèf sa yo, se moun ki te alatèt branch fanmi pèp Izrayèl yo. Se konsa, mesye sa yo rive bò moun Riben yo, moun Gad yo ak mwatye moun Manase yo nan peyi Galarad, epi yo di yo:
— Men sa tout moun pèp Izrayèl yo voye di nou: Ki bagay lèd sa a nou fè konsa kont Bondye pèp Izrayèl la? Poukisa jòdi a nou vire do bay Senyè a, n'al bati yon lotèl pou tèt pa nou? Poukisa nou leve kont Senyè a jòdi a? Chonje peche nou te fè bò Peyò a, lè Senyè a te pini pèp li a. Jouk kounyeya n'ap soufri pou bagay sa a toujou. Sa pa kont toujou? Men jòdi a, n'ap vire do bay Senyè a ankò. Si nou leve kont Senyè a jòdi a, denmen se sou tout pèp Izrayèl la li pral fache. Si nou wè peyi yo ban nou an pa bon pou fè sèvis Bondye, pito nou vin bò isit la nan peyi Senyè a, kote kay Senyè a ye a. Mande pou yo ban nou yon pòsyon pou nou ladan l. Men, pa leve kont Senyè a, ni pa vire do ban nou. Piga nou kite lotèl Senyè a, Bondye nou an, pou n'al bati yon lòt lotèl. Chonje Akan, pitit gason Zera a, lè li te derefize swiv lòd Senyè a te bay pou bagay nou te fèt pou detwi nèt yo. Lè sa a, se tout pèp Izrayèl la nèt wi, Senyè a te pini. Se pa Akan sèlman ki te peye pou sa l te fè a.