Men tè yo te separe bay moun pèp Izrayèl yo. Se Eleaza, prèt la, ak Jozye, pitit gason Noun lan, ansanm ak tout chèf fanmi nan tout branch pèp Izrayèl yo ki te bay chak fanmi pòsyon pa yo. Jan Senye a te bay Moyiz lòd la, yo te tire osò devan Senyè a pou yo te ka konnen ki pòsyon ki ta pral pou nèf branch fanmi ki te rete yo ak lòt mwatye branch nan fanmi Manase a. Moyiz te gentan bay de branch fanmi ak mwatye nan yon twazyèm branch fanmi pòsyon pa yo lòt bò larivyè Jouden. Men, li pat bay moun fanmi Levi yo okenn pòsyon nan tè sa yo. Fanmi Jozèf la te fè de branch: yonn pou Manase, yonn pou Efrayim. Moun Levi yo pat resevwa okenn pòsyon nan tè a pou yo. Men yo te ba yo kèk lavil pou yo te rete ak savann toupre lavil yo pou yo gade bèt ak zannimo. Se konsa, moun pèp Izrayèl yo te separe peyi a jan Senyè a te bay Moyiz lòd fè l la.
Li Jozye 14
Koute Jozye 14
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jozye 14:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo