Moyiz te separe tè branch fanmi Riben lan, li bay chak fanmi pòsyon pa yo. Se konsa, pòsyon pa yo a te konmanse depi lavil Awoyè, ki sou bò ravin Anon an, li pran lavil ki nan mitan ravin lan, tout platon Medeba a, lavil Esbon ak tout lòt lavil ki te sou platon an, ki vle di Dibon, Bamòt, Baal, Bèt-Baal-Meyon, Jaza, Kedemòt, Mefrat, Kiryatayim, Libna ak Zerèt-Acha Jechimòt, sou ti bit ki nan fon an, Bèt-Peyò, sou pant Pizga a, Bèt-Ajechimòt, tout lavil ki sou platon an, tout peyi wa Siyon ki t'ap gouvènen moun Amori yo nan lavil Esbon. Se Moyiz ki te kraze l ansanm avèk chèf peyi Madyan yo: Evi, Rekèm, Zou, Our, Reba. Tout chèf sa yo t'ap viv nan peyi a sou lòd wa Siyon. Pami moun moun pèp Izrayèl yo te touye yo, te gen pwofèt yo te rele Balaram, pitit Beyò a. Pòsyon tè moun branch fanmi Riben yo te rive jouk larivyè Jouden. Se tout lavil ak tout ti bouk sa yo yo te bay moun branch fanmi Riben yo. Yo te separe bay chak fanmi pòsyon pa yo, dapre kantite fanmi yo te genyen.
Moyiz te separe tè branch fanmi Gad la, li bay chak fanmi pòsyon pa yo. Se konsa, pòsyon pa yo a te pran tout peyi Jazè a, tout lavil ki nan peyi Galarad la, mwatye nan peyi moun Amon yo, rive sou lavil Awoyè sou bò solèy leve lavil Raba. Li te pran depi Esbon jouk Ramat-Mizpe ak Betonim, depi Manayim jouk fontyè peyi Lodeba. Nan fon an yo te gen lavil sa yo: Bèt-Aram, Bèt-Nimra, Soukòt ak Zafon, rès peyi wa Siyon ki te rete Esbon an. Larivyè Jouden te sèvi yo fontyè rive letan Galile nan nò. Tout pòsyon pa yo a te lòt bò solèy leve. Se tout lavil ak tout ti bouk sa yo yo te bay moun branch fanmi Gad yo. Yo te separe bay chak fanmi pòsyon pa yo, dapre kantite fanmi yo te genyen.
Moyiz te separe tè ki pou mwatye nan branch fanmi Manase a, li bay chak fanmi pòsyon pa yo. Se konsa, pòsyon pa yo a te konmanse depi Manayim, li pran tout peyi Bazan an, tout peyi wa Og t'ap gouvènen an, ak swasant bouk ki te pou Jayi nan peyi Bazan an, mwatye nan peyi Galarad la ansanm ak Astawòt ak Edreyi, lavil ki te pou wa Og nan peyi Bazan an. Se tout zòn sa yo ki vin pou mwatye nan branch fanmi Maki, pitit gason Manase a. Yo bay chak fanmi pòsyon pa yo.
Se konsa Moyiz te separe tè ki lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, sou bò solèy leve, lè li te nan plenn Mowab yo. Men, Moyiz pat bay moun branch fanmi Levi yo okenn pòsyon nan peyi a pou rele yo pa yo. Li te di yo sèl byen yo se Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la.