Jozye 13:15-33
Jozye 13:15-33 1998 Haïtienne (HAT98)
Moyiz te separe tè branch fanmi Riben lan, li bay chak fanmi pòsyon pa yo. Se konsa, pòsyon pa yo a te konmanse depi lavil Awoyè, ki sou bò ravin Anon an, li pran lavil ki nan mitan ravin lan, tout platon Medeba a, lavil Esbon ak tout lòt lavil ki te sou platon an, ki vle di Dibon, Bamòt, Baal, Bèt-Baal-Meyon, Jaza, Kedemòt, Mefrat, Kiryatayim, Libna ak Zerèt-Acha Jechimòt, sou ti bit ki nan fon an, Bèt-Peyò, sou pant Pizga a, Bèt-Ajechimòt, tout lavil ki sou platon an, tout peyi wa Siyon ki t'ap gouvènen moun Amori yo nan lavil Esbon. Se Moyiz ki te kraze l ansanm avèk chèf peyi Madyan yo: Evi, Rekèm, Zou, Our, Reba. Tout chèf sa yo t'ap viv nan peyi a sou lòd wa Siyon. Pami moun moun pèp Izrayèl yo te touye yo, te gen pwofèt yo te rele Balaram, pitit Beyò a. Pòsyon tè moun branch fanmi Riben yo te rive jouk larivyè Jouden. Se tout lavil ak tout ti bouk sa yo yo te bay moun branch fanmi Riben yo. Yo te separe bay chak fanmi pòsyon pa yo, dapre kantite fanmi yo te genyen. Moyiz te separe tè branch fanmi Gad la, li bay chak fanmi pòsyon pa yo. Se konsa, pòsyon pa yo a te pran tout peyi Jazè a, tout lavil ki nan peyi Galarad la, mwatye nan peyi moun Amon yo, rive sou lavil Awoyè sou bò solèy leve lavil Raba. Li te pran depi Esbon jouk Ramat-Mizpe ak Betonim, depi Manayim jouk fontyè peyi Lodeba. Nan fon an yo te gen lavil sa yo: Bèt-Aram, Bèt-Nimra, Soukòt ak Zafon, rès peyi wa Siyon ki te rete Esbon an. Larivyè Jouden te sèvi yo fontyè rive letan Galile nan nò. Tout pòsyon pa yo a te lòt bò solèy leve. Se tout lavil ak tout ti bouk sa yo yo te bay moun branch fanmi Gad yo. Yo te separe bay chak fanmi pòsyon pa yo, dapre kantite fanmi yo te genyen. Moyiz te separe tè ki pou mwatye nan branch fanmi Manase a, li bay chak fanmi pòsyon pa yo. Se konsa, pòsyon pa yo a te konmanse depi Manayim, li pran tout peyi Bazan an, tout peyi wa Og t'ap gouvènen an, ak swasant bouk ki te pou Jayi nan peyi Bazan an, mwatye nan peyi Galarad la ansanm ak Astawòt ak Edreyi, lavil ki te pou wa Og nan peyi Bazan an. Se tout zòn sa yo ki vin pou mwatye nan branch fanmi Maki, pitit gason Manase a. Yo bay chak fanmi pòsyon pa yo. Se konsa Moyiz te separe tè ki lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, sou bò solèy leve, lè li te nan plenn Mowab yo. Men, Moyiz pat bay moun branch fanmi Levi yo okenn pòsyon nan peyi a pou rele yo pa yo. Li te di yo sèl byen yo se Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la.
Jozye 13:15-33 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Moïse avait donné une part à la tribu de Ruben selon ses clans. Cette part est limitée au sud par la ville d’Aroër au bord du torrent de l’Arnon, et par la ville qui est dans la vallée de l’Arnon. Elle comprend le plateau autour de Mèdeba, Hèchebon et toutes les villes de plateau : Dibon, Bamoth-Baal, Beth-Baal-Méon, Yahas, Quedémoth, Méfaath, Quiriataïm, Sibma, Séreth-Chahar sur la colline qui domine la vallée, Beth-Péor, les pentes du mont Pisga et Beth-Yechimoth. Les Rubénites reçoivent non seulement les villes du plateau mais aussi tout le royaume de Sihon, le roi des Amorites qui a gouverné à Hèchebon. Moïse avait battu Sihon et les chefs de Madian : Évi, Réquem, Sour, Hour et Réba. Ces chefs étaient sous le pouvoir de Sihon et habitaient dans le pays. Parmi ceux que les Israélites ont tués à ce moment-là, il y avait le devin Balaam, fils de Béor. À l’ouest, le pays des Rubénites a le Jourdain comme frontière. Les villes, avec les villages des environs, forment la part donnée aux clans de la tribu de Ruben. Moïse avait donné une part aux clans de la tribu de Gad. Leur territoire comprend Yazer, toutes les villes de Galaad, la moitié du pays des Ammonites jusqu’à Aroër, près de Rabba. Il s’étend de Hèchebon à Ramath-Mispé et Betonim, et de Mahanaïm à la région de Lo-Dabar. Dans la vallée du Jourdain, il comprend les villes de Beth-Haram, Beth-Nimra, Soukoth et Safon. C’est ce qui restait du royaume de Sihon, roi de Hèchebon. Ce territoire se trouve à l’est du Jourdain. Le Jourdain forme la frontière du pays jusqu’au lac de Génésareth au nord. Les villes, avec les villages des environs, forment la part donnée aux clans de la tribu de Gad. Moïse avait donné une part aux clans de la demi-tribu de Manassé. Leur territoire est limité au sud par Mahanaïm. Il comprend tout le Bachan, tout le territoire d’Og, roi du Bachan, et les 60 villages de Yaïr, situés dans cette région. Il comprend aussi la moitié du pays de Galaad, les villes d’Achetaroth et d’Édréi, qui appartenaient au royaume d’Og, dans le Bachan. Cette région a été donnée à la moitié des clans nés de Makir, le fils de Manassé. Moïse avait donné ces parts dans la région située à l’est de Jéricho, de l’autre côté du Jourdain, quand il était dans la plaine de Moab. Il n’avait rien donné en partage aux gens de la tribu de Lévi. En effet, leur part, c’est de servir le SEIGNEUR, Dieu d’Israël, comme celui-ci l’a promis.
Jozye 13:15-33 New International Version (NIV)
This is what Moses had given to the tribe of Reuben, according to its clans: The territory from Aroer on the rim of the Arnon Gorge, and from the town in the middle of the gorge, and the whole plateau past Medeba to Heshbon and all its towns on the plateau, including Dibon, Bamoth Baal, Beth Baal Meon, Jahaz, Kedemoth, Mephaath, Kiriathaim, Sibmah, Zereth Shahar on the hill in the valley, Beth Peor, the slopes of Pisgah, and Beth Jeshimoth— all the towns on the plateau and the entire realm of Sihon king of the Amorites, who ruled at Heshbon. Moses had defeated him and the Midianite chiefs, Evi, Rekem, Zur, Hur and Reba—princes allied with Sihon—who lived in that country. In addition to those slain in battle, the Israelites had put to the sword Balaam son of Beor, who practiced divination. The boundary of the Reubenites was the bank of the Jordan. These towns and their villages were the inheritance of the Reubenites, according to their clans. This is what Moses had given to the tribe of Gad, according to its clans: The territory of Jazer, all the towns of Gilead and half the Ammonite country as far as Aroer, near Rabbah; and from Heshbon to Ramath Mizpah and Betonim, and from Mahanaim to the territory of Debir; and in the valley, Beth Haram, Beth Nimrah, Sukkoth and Zaphon with the rest of the realm of Sihon king of Heshbon (the east side of the Jordan, the territory up to the end of the Sea of Galilee). These towns and their villages were the inheritance of the Gadites, according to their clans. This is what Moses had given to the half-tribe of Manasseh, that is, to half the family of the descendants of Manasseh, according to its clans: The territory extending from Mahanaim and including all of Bashan, the entire realm of Og king of Bashan—all the settlements of Jair in Bashan, sixty towns, half of Gilead, and Ashtaroth and Edrei (the royal cities of Og in Bashan). This was for the descendants of Makir son of Manasseh—for half of the sons of Makir, according to their clans. This is the inheritance Moses had given when he was in the plains of Moab across the Jordan east of Jericho. But to the tribe of Levi, Moses had given no inheritance; the LORD, the God of Israel, is their inheritance, as he promised them.
Jozye 13:15-33 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Le territoire que Moïse avait attribué aux familles de la tribu de Ruben s’étend depuis la ville d’Aroër au bord du torrent de l’Arnon et la ville située au milieu de cette vallée. Il comprenait tout le plateau autour de Médeba, Heshbôn et toutes les bourgades du plateau qui en dépendaient, c’est-à-dire Dibôn, Bamoth-Baal, Beth-Baal-Meôn, Yahats, Qedémoth, Méphaath, Qiryataïm, Sibma, Tséreth-Hashahar sur la montagne qui domine la vallée, Beth-Peor, les pentes du Pisga et Beth-Hayeshimoth. En outre, il comprenait toutes les villes du plateau et tout le royaume de Sihôn, roi des Amoréens, qui avait régné à Heshbôn, que Moïse avait vaincu en même temps que les chefs de Madian, vassaux de Sihôn qui habitaient le pays : Evi, Réqem, Tsour, Hour et Réba. Parmi les victimes des Israélites il y avait aussi le devin Balaam, fils de Béor, qu’ils tuèrent par l’épée à ce moment-là. La frontière des descendants de Ruben était constituée par le Jourdain et le territoire limitrophe. Tel était le patrimoine réparti entre les familles de Ruben, avec les villes qu’il comprenait et les villages qui en dépendaient. Moïse avait aussi donné sa part aux familles de la tribu de Gad. Leur territoire comprenait Yaezer, toutes les villes de Galaad et la moitié du pays des Ammonites jusqu’à Aroër près de Rabba. Il s’étendait depuis Heshbôn jusqu’à Ramath-Mitspé et Betonim, et depuis Mahanaïm jusqu’à la frontière de Debir. Enfin, dans la vallée du Jourdain, il comprenait Beth-Haram, Beth-Nimra, Soukkoth et Tsaphôn, qui formaient le reste du royaume de Sihôn, roi de Heshbôn, et toute la rive est du Jourdain qui constituait la frontière jusqu’au lac de Génézareth. Tel était le patrimoine réparti entre les familles de Gad avec les villes qu’il comprenait et les villages qui en dépendaient. Enfin Moïse avait donné sa part à la demi-tribu de Manassé, répartie selon ses familles. Leur territoire comprenait, à partir de Mahanaïm, le Basan, tout le royaume de Og, le roi du Basan, ainsi que les soixante bourgs de Yaïr en Basan. La moitié du pays de Galaad, Ashtaroth et Edréi, les anciennes capitales du royaume de Og en Basan, échurent aux descendants de Makir, fils de Manassé, à la moitié d’entre eux, réparties entre leurs familles. Telle fut la répartition faite par Moïse, lorsqu’il se trouvait dans les plaines de Moab, du côté oriental du Jourdain, en face de Jéricho. Il n’attribua pas de patrimoine à la tribu de Lévi. L’Eternel, le Dieu d’Israël, est lui-même leur patrimoine, comme il le leur a dit.