Lè sa a, Jozye rele tout chèf pèp la. Li ba yo lòd sa a:
— Mache nan tout kan an. Bay pèp la lòd pou yo pare tout zafè yo, paske nan twa jou nou pral janbe lòt bò larivyè Jouden an pou nou antre nan peyi Senyè a, Bondye nou an, ap ban nou pou peyi pa nou.
Apre sa, Jozye pale ak moun branch fanmi Riben yo ak moun branch fanmi Gad yo ansanm ak mwatye moun nan branch fanmi Manase a. Li di yo:
— Chonje lòd Moyiz, sèvitè Senyè a, te ban nou lè li te di nou: Senyè a, Bondye nou an, ap ban nou tè bò isit la pou nou tabli, pou nou viv ak kè poze. Madanm nou, pitit nou ak tout bèt nou yo pral rete nan peyi Moyiz ban nou sou bò isit larivyè Jouden an, bò solèy leve a. Men, nou menm gason yo, vanyan sòlda, se pou nou pran zam nou nan men nou pou nou mache devan tout rès pèp la, pou nou ka ede yo, si gen nesesite. Lè Senyè a va fin fè yo pran peyi a pou yo, lè l'a fin ba yo yon kote pou yo viv ak kè poze, menm jan li te fè l pou nou an, se lè sa a atò n'a tounen nan peyi ki pou nou an. Wi, n'a vin rete nan peyi pa nou an, peyi Moyiz, sèvitè Bondye a, te ban nou lòt bò larivyè Jouden an, sou bò solèy leve.
Yo tout yo reponn Jozye, yo di l:
— Tou sa ou ban nou lòd fè, n'ap fè l! Kote ou voye nou, nou prale! Menm jan nou te obeyi Moyiz, se konsa n'ap obeyi ou tou. Sèl bagay, nou swete pou Senyè Bondye ou la toujou kanpe ak ou, menm jan li te kanpe ak Moyiz la. Se pou yo touye tout moun ki pa dakò ak lòd ou, osinon ki pa vle obeyi lòd ou bay, osinon ki derefize fè sa ou mande yo fè. Sèlman, met gason sou ou! Pa janm dekouraje!