Jowèl 2:1-27

Jowèl 2:1-27 HAT98

Sonnen twonpèt, Sonnen bay siyal sou mòn ki apa pou Bondye a! Se pou tout moun nan peyi Jida a tranble, Paske jou Senyè a pa lwen rive. L'ap pwoche. Se va yon jou ki pral fè nwa kou lank, ak syèl la plen nyaj nwa, yon jou kote nyaj nwa ak pousyè pral kouvri latè. Yon lame krikèt ap vanse. Yo grannèg anpil! Tankou solèy la lè l'ap leve, y'ap kouvri mòn yo. Se bagay nou poko janm wè, bagay nou p'ap janm wè ankò, jouk sa kaba. Tankou dife, yo devore tou sa ki devan yo. Yo pa kite anyen kote yo pase. Anvan yo te vini, peyi a te tankou yon ti paradi. Lè yo fin pase, li tounen yon dezè san anyen ladan l. Anyen pa chape anba dan yo. Yo tankou chwal, yo kouri tankou chwal sèl. Lè y'ap sòti sou tèt mòn yo, yo fè yon bri tankou cha lagè k'ap pase, tankou dife nan pay chèch. Yo mache an ran tankou yon gwo lame tou pare pou goumen. Lè y'ap pwoche, tout moun pran tranble. Figi tout moun dekonpoze. Yo atake tankou vanyan sòlda. Yo moute sou miray yo tankou sòlda k'ap fè lagè. Yo mache dwat devan yo, yo pa vire ni adwat ni agòch. Yonn pa antrave lòt nan mach yo. Yo chak ap swiv chemen pa yo. Yo janbe tou sa yo mete pou bare yo. Anyen pa rete yo. Yo pran lavil la pou yo. Yo kouri moute sou miray yo. Yo moute anwo kay yo, yo pase antre nan fennèt yo tankou vòlò. Tè a souke lè y'ap mache vini. Syèl la tranble. Solèy la ak lalin lan vin tou nwa, zetwal yo pa klere nan syèl la ankò. Senyè a alatèt lame li L'ap pase lòd. Lame a anpil, yo gen fòs Y'ap fè sa li ba yo lòd fè. Ala yon gwo jou se jou Senyè a! Se yon jou pou moun pè tout bon vre. Ki moun ki va rete kanpe apre jou sa a? Senyè a pale, li di: — Menm kounyeya, tounen vin jwenn mwen ak tout kè nou! Fè jèn, kriye kont kò nou, plenn sò nou! Se pa rad sou nou pou nou chire, se kè nou menm pou nou chire pou fè wè jan nou nan lapenn. Tounen vin jwenn Senyè a, Bondye nou an. Li gen bon kè anpil, li gen pitye pou moun. Li pa fache fasil, li p'ap janm sispann renmen nou. Li toujou pare pou padonnen nou. Sa ki konnen? Li ka chanje lide, li ka padonnen nou. Li ka ban nou benediksyon. N'a gen danre ak diven ankò pou fè ofrann bay Senyè a Bondye nou an! Kònen twonpèt sou mòn Siyon an! Bay lòd pou tout moun fè jèn! Mande pou tout moun reyini! Sanble pèp la. Pare tout moun pou fè sèvis. Sanble vye granmoun yo! Reyini tout timoun yo, menm timoun ki nan tete. Ata moun ki fenk marye yo, se pou yo kite kay yo vini tou. Nan lakou ki separe gwo pòtay Tanp lan ak lotèl la, se pou prèt yo, sèvitè Senyè a, pran kriye. Se pou yo di: Pitye, Senyè, pitye pou pèp ou a. Pa kite moun lòt nasyon yo pase moun pa ou yo nan betiz pou fè yo wont, pou yo ta di: Kote Bondye yo a? Lè sa a, Senyè a fè wè jan li renmen peyi li a. Li fè pèp li a gras. Li reponn, li di pèp la konsa: — Bon! Mwen pral ban nou ble, diven ak lwil fre. N'ap gen tou sa n'a bezwen. Mwen p'ap janm kite moun lòt nasyon yo pase nou nan betiz ankò. Mwen pral chase lame krikèt la byen lwen nou. Wi, lame krikèt ki te sòti nan nò a. M'ap voye yo ale nan dezè a, kote ki pa gen dlo, kote ki pa gen pyebwa. Tèt lame krikèt yo va pran direksyon lanmè ki sou bò solèy leve a, lanmè Mouri a. Ke lame krikèt yo va pran direksyon lanmè ki sou bò solèy kouche a, lanmè Mediterane a. Kadav yo pral pouri, y'ap bay move sant. Senyè a fè anpil bagay pou nou. Nou menm jaden yo, nou pa bezwen pè ankò. Fè fèt, fè kè nou kontan, paske Senyè a fè anpil pou nou! Nou menm zannimo nan savann yo, nou pa bezwen pè ankò: jaden zèb yo pral pouse byen bèl, pyebwa yo pral donnen, pye fig frans yo ak pye rezen yo pral bay bèl rekòt. Nou menm, moun Siyon yo, fè fèt! Fè kè nou kontan poutèt sa Senyè a, Bondye nou an, fè pou nou. Li ban nou kantite lapli nou te bezwen nan sezon lotòn. Li ban nou gwo lapli loray ak lapli nan sezon prentan, jan l te konn fè l anvan an. Glasi yo pral plen grenn. Barik yo pral plen diven ak lwil fre. M'a ban nou ankò tou sa nou te pèdi pandan tout tan bann gwo krikèt yo, ti krikèt yo, ti chini yo ak gwo chini yo te devore rekòt nou yo. Se mwen menm ki te voye lame sa a sou nou. Nou pral manje plen vant nou. N'a fè lwanj Senyè a, Bondye nou an, ki te fè tout bèl bagay sa yo pou nou. Yo p'ap janm pase pèp mwen an nan betiz ankò. Lè sa a, n'a konnen mwen kanpe la nan mitan pèp Izrayèl la. Se mwen menm Senyè a ki Bondye nou. Pa gen tankou m. Yo p'ap janm pase pèp mwen an nan betiz ankò.