Jowèl 2:1-27
Jowèl 2:1-27 1998 Haïtienne (HAT98)
Sonnen twonpèt, Sonnen bay siyal sou mòn ki apa pou Bondye a! Se pou tout moun nan peyi Jida a tranble, Paske jou Senyè a pa lwen rive. L'ap pwoche. Se va yon jou ki pral fè nwa kou lank, ak syèl la plen nyaj nwa, yon jou kote nyaj nwa ak pousyè pral kouvri latè. Yon lame krikèt ap vanse. Yo grannèg anpil! Tankou solèy la lè l'ap leve, y'ap kouvri mòn yo. Se bagay nou poko janm wè, bagay nou p'ap janm wè ankò, jouk sa kaba. Tankou dife, yo devore tou sa ki devan yo. Yo pa kite anyen kote yo pase. Anvan yo te vini, peyi a te tankou yon ti paradi. Lè yo fin pase, li tounen yon dezè san anyen ladan l. Anyen pa chape anba dan yo. Yo tankou chwal, yo kouri tankou chwal sèl. Lè y'ap sòti sou tèt mòn yo, yo fè yon bri tankou cha lagè k'ap pase, tankou dife nan pay chèch. Yo mache an ran tankou yon gwo lame tou pare pou goumen. Lè y'ap pwoche, tout moun pran tranble. Figi tout moun dekonpoze. Yo atake tankou vanyan sòlda. Yo moute sou miray yo tankou sòlda k'ap fè lagè. Yo mache dwat devan yo, yo pa vire ni adwat ni agòch. Yonn pa antrave lòt nan mach yo. Yo chak ap swiv chemen pa yo. Yo janbe tou sa yo mete pou bare yo. Anyen pa rete yo. Yo pran lavil la pou yo. Yo kouri moute sou miray yo. Yo moute anwo kay yo, yo pase antre nan fennèt yo tankou vòlò. Tè a souke lè y'ap mache vini. Syèl la tranble. Solèy la ak lalin lan vin tou nwa, zetwal yo pa klere nan syèl la ankò. Senyè a alatèt lame li L'ap pase lòd. Lame a anpil, yo gen fòs Y'ap fè sa li ba yo lòd fè. Ala yon gwo jou se jou Senyè a! Se yon jou pou moun pè tout bon vre. Ki moun ki va rete kanpe apre jou sa a? Senyè a pale, li di: — Menm kounyeya, tounen vin jwenn mwen ak tout kè nou! Fè jèn, kriye kont kò nou, plenn sò nou! Se pa rad sou nou pou nou chire, se kè nou menm pou nou chire pou fè wè jan nou nan lapenn. Tounen vin jwenn Senyè a, Bondye nou an. Li gen bon kè anpil, li gen pitye pou moun. Li pa fache fasil, li p'ap janm sispann renmen nou. Li toujou pare pou padonnen nou. Sa ki konnen? Li ka chanje lide, li ka padonnen nou. Li ka ban nou benediksyon. N'a gen danre ak diven ankò pou fè ofrann bay Senyè a Bondye nou an! Kònen twonpèt sou mòn Siyon an! Bay lòd pou tout moun fè jèn! Mande pou tout moun reyini! Sanble pèp la. Pare tout moun pou fè sèvis. Sanble vye granmoun yo! Reyini tout timoun yo, menm timoun ki nan tete. Ata moun ki fenk marye yo, se pou yo kite kay yo vini tou. Nan lakou ki separe gwo pòtay Tanp lan ak lotèl la, se pou prèt yo, sèvitè Senyè a, pran kriye. Se pou yo di: Pitye, Senyè, pitye pou pèp ou a. Pa kite moun lòt nasyon yo pase moun pa ou yo nan betiz pou fè yo wont, pou yo ta di: Kote Bondye yo a? Lè sa a, Senyè a fè wè jan li renmen peyi li a. Li fè pèp li a gras. Li reponn, li di pèp la konsa: — Bon! Mwen pral ban nou ble, diven ak lwil fre. N'ap gen tou sa n'a bezwen. Mwen p'ap janm kite moun lòt nasyon yo pase nou nan betiz ankò. Mwen pral chase lame krikèt la byen lwen nou. Wi, lame krikèt ki te sòti nan nò a. M'ap voye yo ale nan dezè a, kote ki pa gen dlo, kote ki pa gen pyebwa. Tèt lame krikèt yo va pran direksyon lanmè ki sou bò solèy leve a, lanmè Mouri a. Ke lame krikèt yo va pran direksyon lanmè ki sou bò solèy kouche a, lanmè Mediterane a. Kadav yo pral pouri, y'ap bay move sant. Senyè a fè anpil bagay pou nou. Nou menm jaden yo, nou pa bezwen pè ankò. Fè fèt, fè kè nou kontan, paske Senyè a fè anpil pou nou! Nou menm zannimo nan savann yo, nou pa bezwen pè ankò: jaden zèb yo pral pouse byen bèl, pyebwa yo pral donnen, pye fig frans yo ak pye rezen yo pral bay bèl rekòt. Nou menm, moun Siyon yo, fè fèt! Fè kè nou kontan poutèt sa Senyè a, Bondye nou an, fè pou nou. Li ban nou kantite lapli nou te bezwen nan sezon lotòn. Li ban nou gwo lapli loray ak lapli nan sezon prentan, jan l te konn fè l anvan an. Glasi yo pral plen grenn. Barik yo pral plen diven ak lwil fre. M'a ban nou ankò tou sa nou te pèdi pandan tout tan bann gwo krikèt yo, ti krikèt yo, ti chini yo ak gwo chini yo te devore rekòt nou yo. Se mwen menm ki te voye lame sa a sou nou. Nou pral manje plen vant nou. N'a fè lwanj Senyè a, Bondye nou an, ki te fè tout bèl bagay sa yo pou nou. Yo p'ap janm pase pèp mwen an nan betiz ankò. Lè sa a, n'a konnen mwen kanpe la nan mitan pèp Izrayèl la. Se mwen menm Senyè a ki Bondye nou. Pa gen tankou m. Yo p'ap janm pase pèp mwen an nan betiz ankò.
Jowèl 2:1-27 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Sonnez de la trompette à Sion, poussez des cris sur la montagne du SEIGNEUR. Vous, les habitants du pays, tremblez, car le jour du SEIGNEUR arrive, il est bientôt là. C’est un jour sombre, couvert de nuages noirs, un jour de brouillard et de nuit. L’armée des insectes arrive. Ils sont nombreux et puissants, pareils à la nuit qui couvre les montagnes. On n’a jamais vu quelque chose de pareil et on ne le verra plus jamais jusqu’aux générations les plus éloignées. Ils sont comme les flammes d’un feu dévorant, ils détruisent tout devant eux et derrière eux. Avant leur arrivée, la terre était comme le jardin d’Éden . Maintenant, elle est aussi sèche qu’un désert. Personne ne reste en vie derrière eux. Ils sont pareils aux chevaux de combat, ils courent comme des cavaliers. Ils font du bruit comme des chars de guerre qui bondissent sur les montagnes, ou comme des flammes qui brûlent l’herbe sèche. Ils arrivent comme une armée puissante, rangée pour la bataille. En les voyant, les gens sont effrayés, tous les visages changent de couleur. Ces insectes courent comme des soldats, ils montent sur les murs comme des combattants. Ils suivent chacun leur chemin, sans s’écarter de leur route. Aucun d’eux ne bouscule son voisin, chacun va droit devant soi. Ils foncent à travers les flèches, sans s’éloigner les uns des autres. Ils courent vers la ville, ils montent sur les murs de défense, ils entrent dans les maisons, par les fenêtres, comme des voleurs. Quand ils arrivent, la terre tremble, le ciel semble tomber. Le soleil et la lune deviennent sombres, les étoiles ne brillent plus. Le SEIGNEUR fait entendre sa voix à la tête de son armée. Les troupes qui obéissent à ses ordres sont très nombreuses et puissantes. Oui, il est grand, le jour du SEIGNEUR. Il est terrible, et personne ne peut le supporter. Le SEIGNEUR déclare : « Revenez vers moi de tout votre cœur, c’est encore le moment. Jeûnez, pleurez, chantez des chants de deuil ! Ce ne sont pas vos vêtements qu’il faut déchirer, c’est votre cœur qu’il faut changer. » Oui, revenez vers le SEIGNEUR, votre Dieu. Il est plein de tendresse et de pitié, patient, plein d’amour, et il regrette ses menaces. Qui sait ? Il regrettera peut-être sa décision et vous fera encore du bien. Alors vous pourrez apporter des offrandes de farine et des offrandes de vin au SEIGNEUR, votre Dieu. Sonnez de la trompette à Jérusalem, commandez un temps de jeûne, organisez une cérémonie. Convoquez le peuple pour une assemblée sainte. Réunissez les vieillards, les jeunes gens et même les bébés. Que les nouveaux mariés quittent leur chambre de mariage. Que les prêtres au service du SEIGNEUR pleurent dans le temple, entre l’entrée et l’autel. Qu’ils prient ainsi : « SEIGNEUR, aie pitié de nous, ton peuple. Ne permets pas que la honte couvre ceux qui t’appartiennent. Ne permets pas que les autres peuples se moquent de nous en disant : “Et leur Dieu, qu’est-ce qu’il fait ?” » Le SEIGNEUR est plein d’amour pour son pays, il a pitié de son peuple. Voici ce qu’il lui répond : « Voyez, je vais vous redonner du blé, du vin nouveau, de l’huile fraîche. Vous en aurez autant que vous voudrez. Je ne permettrai plus que les autres peuples vous couvrent de honte. Je chasserai vos ennemis qui viennent du nord, je les repousserai vers des régions désertes et sèches. Leurs premières troupes, je les ferai tomber dans la mer Morte, leurs dernières troupes, je les jetterai dans la mer Méditerranée. Les corps des soldats morts répandront une odeur horrible qui empoisonnera l’air. » Oui, le SEIGNEUR fait de grandes choses. Toi, la terre, n’aie pas peur ! Danse de joie et réjouis-toi, car le SEIGNEUR fait de grandes choses ! Vous, les bêtes des champs, n’ayez pas peur. L’herbe du désert repousse, les arbres portent des fruits, les figuiers et les vignes offrent leur richesse. Et vous, habitants de Jérusalem, dansez de joie et réjouissez-vous à cause du SEIGNEUR, votre Dieu. Après la saison sèche, il vous envoie la pluie comme un bienfait, il la fait tomber selon les saisons, comme autrefois. Les greniers sont remplis de grains, les cuves débordent de vin nouveau et d’huile fraîche. Le SEIGNEUR dit : « Les chenilles et les sauterelles, les hannetons et les criquets, cette grande armée d’insectes que j’ai envoyés contre vous, ont dévoré vos récoltes . Eh bien, je vais remplacer ce que vous avez perdu. Vous mangerez à votre faim et vous chanterez ma louange. Moi, le SEIGNEUR votre Dieu, je fais pour vous des actions magnifiques. Mon peuple ne sera plus jamais couvert de honte. Alors vous comprendrez ceci : je suis présent au milieu de vous, Israélites, je suis le SEIGNEUR votre Dieu, et il n’y en a pas d’autre. Non, mon peuple ne sera plus jamais couvert de honte. »
Jowèl 2:1-27 New International Version (NIV)
Blow the trumpet in Zion; sound the alarm on my holy hill. Let all who live in the land tremble, for the day of the LORD is coming. It is close at hand— a day of darkness and gloom, a day of clouds and blackness. Like dawn spreading across the mountains a large and mighty army comes, such as never was in ancient times nor ever will be in ages to come. Before them fire devours, behind them a flame blazes. Before them the land is like the garden of Eden, behind them, a desert waste— nothing escapes them. They have the appearance of horses; they gallop along like cavalry. With a noise like that of chariots they leap over the mountaintops, like a crackling fire consuming stubble, like a mighty army drawn up for battle. At the sight of them, nations are in anguish; every face turns pale. They charge like warriors; they scale walls like soldiers. They all march in line, not swerving from their course. They do not jostle each other; each marches straight ahead. They plunge through defenses without breaking ranks. They rush upon the city; they run along the wall. They climb into the houses; like thieves they enter through the windows. Before them the earth shakes, the heavens tremble, the sun and moon are darkened, and the stars no longer shine. The LORD thunders at the head of his army; his forces are beyond number, and mighty is the army that obeys his command. The day of the LORD is great; it is dreadful. Who can endure it? “Even now,” declares the LORD, “return to me with all your heart, with fasting and weeping and mourning.” Rend your heart and not your garments. Return to the LORD your God, for he is gracious and compassionate, slow to anger and abounding in love, and he relents from sending calamity. Who knows? He may turn and relent and leave behind a blessing— grain offerings and drink offerings for the LORD your God. Blow the trumpet in Zion, declare a holy fast, call a sacred assembly. Gather the people, consecrate the assembly; bring together the elders, gather the children, those nursing at the breast. Let the bridegroom leave his room and the bride her chamber. Let the priests, who minister before the LORD, weep between the portico and the altar. Let them say, “Spare your people, LORD. Do not make your inheritance an object of scorn, a byword among the nations. Why should they say among the peoples, ‘Where is their God?’ ” LORD Then the LORD was jealous for his land and took pity on his people. The LORD replied to them: “I am sending you grain, new wine and olive oil, enough to satisfy you fully; never again will I make you an object of scorn to the nations. “I will drive the northern horde far from you, pushing it into a parched and barren land; its eastern ranks will drown in the Dead Sea and its western ranks in the Mediterranean Sea. And its stench will go up; its smell will rise.” Surely he has done great things! Do not be afraid, land of Judah; be glad and rejoice. Surely the LORD has done great things! Do not be afraid, you wild animals, for the pastures in the wilderness are becoming green. The trees are bearing their fruit; the fig tree and the vine yield their riches. Be glad, people of Zion, rejoice in the LORD your God, for he has given you the autumn rains because he is faithful. He sends you abundant showers, both autumn and spring rains, as before. The threshing floors will be filled with grain; the vats will overflow with new wine and oil. “I will repay you for the years the locusts have eaten— the great locust and the young locust, the other locusts and the locust swarm— my great army that I sent among you. You will have plenty to eat, until you are full, and you will praise the name of the LORD your God, who has worked wonders for you; never again will my people be shamed. Then you will know that I am in Israel, that I am the LORD your God, and that there is no other; never again will my people be shamed.
Jowèl 2:1-27 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Sonnez du cor ╵dans les murs de Sion, donnez l’alarme ╵sur ma sainte montagne ! Tremblez, vous tous, ╵habitants du pays, car il arrive ╵le jour de l’Eternel, il est tout proche ! C’est un jour de ténèbres, ╵un jour d’obscurité. C’est un jour de nuages ╵et de nuées épaisses. Comme l’aurore ╵qui se répand sur les montagnes, voici un peuple ╵très nombreux et puissant. Il n’y en a pas eu de semblable ╵par le passé, et après lui, ╵il n’y en aura plus dans les générations les plus lointaines. Un feu dévore devant lui et la flamme consume ╵derrière lui. Avant qu’il ne le foule, ╵le pays s’étendait ╵comme un jardin d’Eden, mais après son passage ╵ce n’est plus qu’un désert ╵tout entier dévasté ; non, rien ne lui échappe. On dirait, à les voir, ╵des chevaux qui s’élancent ; ils courent comme des chevaux d’attelage. Les voilà qui bondissent dans un fracas semblable ╵à celui de chars cahotant ╵au sommet des montagnes. C’est le crépitement ╵d’une flamme de feu qui dévore le chaume. Et c’est comme un peuple puissant en ordre de bataille. Et à cause de lui, ╵les peuples sont saisis d’angoisse, tous les visages ╵pâlissent de frayeur. Les voilà qui se précipitent ╵comme de vrais guerriers, et, comme des soldats, ╵ils escaladent la muraille. Chacun va son chemin sans dévier de sa route, oui, sans se bousculer : ╵les uns les autres ils vont chacun sur son chemin. Ils se ruent à travers les projectiles, rien n’interrompt leur marche. Dans la ville, ils se précipitent, ils courent sur les murs, ils escaladent les maisons, passent par les fenêtres, ╵tout comme des voleurs. La terre tremble devant eux, le ciel est ébranlé, le soleil et la lune ╵sont plongés dans l’obscurité. Les astres perdent leur éclat, tandis que l’Eternel ╵fait retentir sa voix ╵en tête de ses troupes, son camp est tellement nombreux et il est si puissant ╵celui qui exécute sa parole ! Le jour de l’Eternel est grand et terrible à l’extrême ! Qui pourra l’endurer ? Mais maintenant encore, l’Eternel le déclare, revenez donc à moi, ╵revenez de tout votre cœur, avec le jeûne, avec des larmes ╵et des lamentations. Déchirez votre cœur, ╵et non vos vêtements, et revenez à l’Eternel, ╵lui qui est votre Dieu. Car il est plein de grâce, il est compatissant et lent à la colère, il est riche en amour et il renonce volontiers ╵au malheur dont il avait menacé. Qui sait ? Peut-être l’Eternel ╵se ravisera-t-il et changera-t-il lui aussi ╵de ligne de conduite. Qui sait s’il ne laissera pas ╵derrière lui une bénédiction pour que vous puissiez faire ╵des offrandes, des libations ╵à l’Eternel, ╵lui qui est votre Dieu ? Sonnez du cor ╵dans les murs de Sion pour publier un jeûne, et annoncer ╵une réunion cultuelle. Réunissez le peuple, convoquez l’assemblée, rassemblez les vieillards, regroupez les enfants, même les nourrissons ; que le jeune marié ╵abandonne sa chambre, que la jeune mariée ╵quitte aussi la chambre nuptiale, et que les prêtres ╵qui servent l’Eternel se tiennent en pleurant entre le portique et l’autel. Qu’ils prient ainsi : O Eternel, ╵aie pitié de ton peuple, n’expose pas celui qui t’appartient ╵au déshonneur ni aux railleries d’autres peuples ! Car pourquoi dirait-on ╵parmi les peuples : « Où est leur Dieu ? » Ah ! L’Eternel éprouve ╵pour son pays ╵un amour passionné et il a pitié de son peuple. C’est pourquoi il répond et il dit à son peuple : « Je vais vous envoyer ╵le blé, le vin nouveau et l’huile fraîche, et vous en serez rassasiés. Je ne vous exposerai plus ╵à l’opprobre parmi les peuples, et l’ennemi du nord, ╵je l’éloigne de vous, oui, je le chasse ╵en une terre aride, ╵un pays désolé, en expédiant son avant-garde ╵vers la mer Morte et son arrière-garde ╵vers la mer Méditerranée. Là, il exhalera ╵sa puanteur, son infection se répandra, car il a fait de grandes choses. » O terre, sois sans crainte, jubile et réjouis-toi ! L’Eternel fait ╵de grandes choses. Soyez sans crainte, ╵bêtes sauvages, car les pacages de la steppe ╵vont reverdir, les arbres sont chargés de fruits, le figuier et la vigne ╵font abonder ╵leur riche production. Et vous, gens de Sion, ╵soyez dans l’allégresse, réjouissez-vous ╵à cause de l’Eternel votre Dieu. Il vous envoie la pluie, ╵selon ce qui est juste, il répand sur vous les averses, les pluies d’automne ╵et les pluies du printemps, ╵tout comme auparavant. Alors les aires ╵se rempliront de blé, et les cuves regorgeront ╵de vin nouveau et d’huile. « Oui, je vous dédommage ╵pour les années qu’ont dévorées les sauterelles – sauterelles, criquets, ╵grillons et vol de sauterelles – ma grande armée ╵que j’ai envoyée contre vous. Vous mangerez à satiété et vous louerez ╵l’Eternel, votre Dieu, qui accomplit pour vous ╵des choses merveilleuses, et jamais plus mon peuple ╵ne connaîtra la honte. Et vous reconnaîtrez ╵que je suis, moi, ╵au milieu d’Israël, et que je suis ╵l’Eternel, votre Dieu, qu’il n’y en a pas d’autre. Et jamais plus mon peuple ╵ne connaîtra la honte.