Jòb 3:1-26

Jòb 3:1-26 HAT98

Bout pou bout, Jòb louvri bouch li, li pran madichonnen jou l te fèt la. Li di konsa: — Se pou Bondye efase jou m te fèt la. Se pou l efase jou lannwit m te konmanse devlope nan vant manman m lan. Fè jou sa a tounen fènwa, Bondye! Kote ou chita anwo a, pa janm chonje jou sa a ankò. Pa janm kite limyè solèy klere l. Se pou fènwa anvayi jou sa a. Se pou nyaj kouvri l nèt. Se pou lonbray lanmò bouche l nèt. Jou lannwit sa a, se pou fènwa pran l pou li nèt. Se pou l disparèt nèt nan lanne a pou yo pa janm konte l nan almanak ankò. Se pou jou lannwit sa a fè cheve nan tèt moun kanpe, pou yo pa tande pèsonn ap ri! Se pou chòche yo bay jou lannwit sa a madichon, yo menm ki konn ki jan pou yo eksite Levyatan an! Pa kite gwo zetwal douvanjou a klere jou sa a. Pa janm fè bajou kase pou li, pou l pa janm wè solèy leve. Paske li pat enpoze m sòti nan vant manman m, li pat egzante m tout soufrans sa yo. Poukisa mwen pat mouri depi nan vant manman m? Poukisa mwen pat tou mouri nan pasay kite sa? Poukisa m' te jwenn yon manman pou pran m' sou jenou li? Poukisa m'te jwenn yon manman pran m' nan bra l' ban m' tete? Si mwen te mouri mouri mwen, atòkonsa mwen pa ta nan tout lapenn sa yo. Mwen ta kouche kouche mwen ap dòmi kèpoze, ansanm ak wa yo ak gwo chèf yo, ki fè bati gwo tonm pou yo nan mitan dezè. Mwen ta kouche ap dòmi ansanm ak chèf ki te gen kay yo plen lò ak ajan. Mwen ta tankou timoun ki fèt anvan tèm, Mwen ta tankou ti bebe ki fèt tou mouri. Kote yo ye anba tè a, mechan yo sispann bay kò yo mouvman. Anba tè a, sa ki bouke travay ap poze kò yo. Anba tè a, tout prizoye gen kèpoze. Yo p'ap tande vwa majò prizon nan zòrèy yo. Anba tè a, se menm bagay pou grannèg kou malere. Ata esklav pa gen mèt ankò! Poukisa, Bondye, ou kite moun ki nan mizè ap viv? Poukisa ou bay moun ki nan gwo lapenn lavi? Y'ap tann lanmò konsa, men lanmò kouri pou yo! Yo ta pito lanmò pase nenpòt pi gwo richès! Yo pa gen kè kontan toutotan yo pa mouri, toutotan yo pa ale anba tè. Yo pa konn sa pou yo fè. Bondye sènen yo kote yo pase. Mwen pa ka manje. Se plenn m'ap plenn. M'ap soufri, dlo nan je m tankou larivyè k'ap koule. Sa mwen pè rive m' nan, se li ki rive m' vre. Sa mwen pa ta vle a, se li ki tonbe sou mwen. Kè m pa poze. Tèt mwen pa la. Mwen pa ka dòmi. Se sòti nan ka tonbe nan ka.