Jeremi 49:23-39

Jeremi 49:23-39 HAT98

Men sa Senyè a di sou peyi Damas: — Moun lavil Amat ak moun lavil Apad yo gen kè kase paske yo tande move nouvèl. Yo ajite tankou lanmè, Yo pa ka rete anplas. Moun Damas yo fèb, yo kouri met deyò. Yo pè, yon sèl tranbleman pran yo. Yo nan lapenn, yo gen kè kase tankou fanm ki gen tranche. Gade lavil tout moun te konnen an, lavil kote tout moun te gen kè kontan an! Pa gen yon moun ladan l. Jou sa a, y'ap touye jenn gason nou yo nan tout lari. Tout sòlda yo pral mouri. Se Senyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa. M'ap mete dife nan miray Damas yo. Dife a ap boule palè wa Bennadad la. Moun branch fanmi Keda yo ak chèf lavil Azò yo te pèdi batay la devan Nebikadneza, wa Babilòn lan. Men mesay Senyè a bay sou yo: — Leve non! Ann mache pran Keda! Piye moun bò solèy leve yo. Pran tant yo, kabrit yo, mouton yo, rido tant yo ansanm ak tout lòt bagay ki nan tant yo. Pran chamo yo. Di byen fò nan zòrèy yo: Kote ou pase tout moun pè. Nou menm moun lavil Azò, kouri met deyò, al kache kò nou nan twou! Se mwen menm Senyè a ki di sa. Paske Nebikadneza, wa Babilòn lan, fè lide pou l kraze nou. Li sòti pou l fini ak nou. Men sa Senyè a di ankò: Leve non! Ann al atake yon nasyon ki santi yo te alèz san okenn danje sou tèt yo! Pa gen pòtay nan lavil yo, ni ba fè pou fèmen yo. Yo la konsa san okenn pwoteksyon. Yo pral pran tout chamo yo, yo pral separe tout kabrit yo ak mouton yo. Wi, m'ap gaye yo nan tout direksyon, bann moun ak cheve kout sa yo. Kote yo pase, m'ap fè malè tonbe sou yo. Se mwen menm Senyè a ki di sa. M'ap fè zòn Azò a tounen yon dezè pou tout tan, kote bèt nan bwa rete. Pèsonn p'ap rete ladan l ankò. Okenn moun p'ap viv la. Men mesay Senyè a te bay pwofèt Jeremi sou peyi Elam. Lè sa a, Sedesyas te fenk moute wa nan peyi Jida. Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di: — Mwen pral touye tout sòlda peyi Elam ki gen ladrès pou sèvi ak banza yo. Se yo menm ki te fè tout fòs peyi a. M'ap fè van leve nan tout direksyon pou soufle sou peyi Elam lan. M'ap gaye yo nan tout direksyon sou latè. M'ap mete tout moun li yo deyò. P'ap gen peyi sou latè kote ou p'ap jwenn yo. M'ap fè moun Elam yo tranble devan lènmi yo, devan moun ki sòti pou touye yo. M'ap fè gwo kòlè, m'ap voye gwo malè sou yo, m'ap lage yon gwo lame dèyè yo jouk m'a fini nèt ak yo. M'ap disparèt wa yo a ansanm ak tout lòt chèf yo. Se la m'ap mete fòtèy mwen an. Se mwen menm Senyè a ki di sa. Men, nan jou k'ap vini apre sa yo, m'ap mete peyi Elam lan kanpe ankò. Se mwen menm Senyè a ki di sa.