Men sa Senyè a di sou moun peyi Amon yo:
— Gen lè pa gen gason ankò nan peyi Izrayèl la?
Pa gen moun pou defann tè zansèt yo a?
Poukisa yo kite se moun k'ap sèvi Milkòm yo
ki pran pòsyon tè fanmi Gad la pou yo?
Poukisa se moun Amon yo ki rete nan lavil yo?
Se sa ki fè men jou a ap rive.
Se mwen menm Senyè a k'ap pale la a.
Mwen pral fè moun ki rete Raba, kapital peyi Amon an, tande bri lagè.
Lavil la pral tounen yon pil wòch.
Yo pral boule ti bouk li yo ratè.
Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo va reprann tè ki te pou yo a.
Nou menm moun lavil Esbon, plenn sò nou! Lavil Ayi fini!
Medam lavil Raba yo, mare ren nou!
Mete rad sak sou nou! Rele!
Pran lari pou nou!
Y'ap depòte Milkòm, bondye nou an,
ansanm ak tout pè li yo ak tout chèf li yo!
Poukisa n'ap fè grandizè konsa?
Jan nou te kontan fon nou yo!
Men fon yo tonbe.
Bann moun tèt di, nou te mete konfyans nou nan richès nou.
Nou t'ap di: Pa gen moun ki ka penmèt yo atake nou!
Mwen pral fè yon sèl lapèrèz pran nou.
Se mwen menm sèl mèt la, Senyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.
Mwen pral fè tout vwazen nou yo fè nou tranble.
Yo pral gaye nou. Chak moun pral kouri ale sou bò pa yo.
P'ap gen pèsonn pou fè yo sanble ankò.
Men apre sa, m'ap mete peyi Amon an kanpe ankò.
Se mwen menm Senyè a ki di sa.
Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di sou peyi Edon:
— Pa gen moun ki gen bon konprann ankò lavil Teman an?
Moun lespri yo pa konn sa pou yo di.
Yo pèdi tout konprann yo!
Nou menm moun lavil Dedan, kouri ale!
Ale kache kò nou nan twou wòch!
Mwen pral fini ak moun Ezayi yo,
Paske lè pou m' regle ak yo a rive.
Lè moun ap ranmase rekòt rezen,
yo toujou kite dèyè pou moun k'ap vin grapiye yo.
Lè vòlò antre lakay moun lannwit,
yo annik pran sa yo bezwen.
Men mwen menm, mwen pral kite moun Ezayi yo toutouni.
Mwen pral fè moun konnen tout kachèt li yo.
Konsa, nanpwen kache pou yo ankò.
Tout ras moun Edon yo, tout fanmi yo ak tout moun nan vwazinay yo pral disparèt.
Pa gen pèsonn k'ap rete pou di:
Kite timoun ki san papa yo avè m.
M'a okipe yo.
Vèv nou yo mèt konte sou mwen.
Men sa Senyè a di ankò:
— Ata moun ki pa merite pou m pini yo
pral gen pou yo bwè gode chatiman an nèt ale.
Se nou menm atò pou yo pa ta pini! Non.
Yo p'ap pini nou? Se pou nou bwè nan gode chatiman an tou.
Se mwen menm Senyè a k'ap pale:
Mwen sèmante
m'ap fè Bozra tounen yon dezè, yon vye pil mazi.
Moun ap pase l nan betiz, y'ap sèvi ak non l pou bay madichon.
Tout ti bouk nan vwazinay li yo pral tounen yon pil vye mazi pou tout tan.
Jeremi di ankò:
— Mwen te tande mesay Senyè a bay la.
Li te voye mesaje nan tout nasyon yo
pou di yo sanble tout lame yo
pou yo mache pran Edon,
pou y'al goumen avè l.
Senyè a pral fè peyi a vin tou fèb nan mitan nasyon yo.
Pèsonn p'ap respekte nou.
Se awogans ou ki fè ou pèdi tèt ou.
Pa gen moun ki pè ou jan ou kwè l la.
Ou rete sou tèt gwo wòch yo, byen wo nan mòn yo.
Ou te mèt bati kay ou byen wo tankou nich malfini,
m'ap fè ou desann.
Se Senyè a menm ki di sa.
Senyè a di ankò: Se konsa peyi Edon an pral tounen yon dezè k'ap bay gwo lapenn. Tout moun k'ap pase bò la pral pran sezisman, y'ap pè. Gwo malè sa ki te rive lavil Sodòm ak Gomò ansanm ak tout ti bouk nan vwazinay yo, se malè sa a k'ap rive Edon tou. P'ap gen yon moun nan peyi a ankò. Pèsonn p'ap rete la. Se mwen menm Senyè a ki di sa. Tankou yon lyon k'ap sòti nan rakbwa bò larivyè Jouden an pou l ale kote bèt yo ye nan savann yo, mwen menm Senyè a, m'ap vini, m'ap fè moun yo kouri kite peyi a anvan yo bat je yo. Lè sa a, se moun m'a chwazi a m'a mete pou gouvènen peyi a. Ki moun ki tankou m? Ki moun ki ka koresponn avè m? Ki chèf ki ka kenbe tèt avè m? Konsa, koute sa mwen sòti pou m fè moun Edon yo, sa mwen fè lide fè moun lavil Teman yo. Sèten, ata timoun yo, yo pral trennen pot ale. Yo pral devaste tout peyi a devan je yo. Lè peyi Edon an tonbe, l'ap fè yon kokennchenn bri, latè ap tranble. Y'ap tande rèl moun yo jouk bò lanmè Wozo yo. Tankou malfini k'ap vole ak zèl yo tou louvri, lènmi pral atake Bozra. Jou sa yo, vanyan sòlda peyi Edon pral anba kè sere tankou fanm tranche pran li.