Men sa Senyè a di ankò:
— Nou menm pèp Izrayèl, si nou vle chanje vre,
se tounen pou nou tounen vin jwenn mwen.
Si nou wete vye zidòl nou yo devan je m,
si nou sispann lage kò nou nan raje,
si nou pran non mwen, non mwen menm Bondye vivan an, pou fè sèman,
si nou pa bay manti, si nou pa fè lenjistis,
si nou fè sa ki dwat,
lè sa a, tout nasyon yo va mande m pou beni yo, y'a fè lwanj mwen.
Men sa Senyè a di moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo:
Fè bwa nèf.
Pa plante nan pikan.
Nou menm ki pote mak kontra m lan nan kò nou,
kenbe kontra nou fè avè m lan.
Louvri kè nou ban mwen,
nou menm moun peyi Jida ak moun Jerizalèm.
Si nou pa fè sa, m'ap fè kòlè.
Tankou yon dife, m'ap boule nou,
poutèt tout move bagay nou fè yo.
Lè sa a, pèsonn p'ap ka sove nou anba men m.
Mache pale tout moun nan peyi Jida a.
Fè moun Jerizalèm yo konn sa. Avèti yo!
Kònen twonpèt nan tout peyi a.
Rele byen fò. Di yo pou yo sanble,
pou yo kouri ale nan lavil ki gen ranpa yo.
Ba yo direksyon mòn Siyon an!
Kouri al kache! Pa mize sou wout!
Mwen menm, Senyè a, m ap fè yon malè sòti nan nò.
Li pral fè gwo dega.
Tankou yon lyon ki sòti nan kachèt li anba raje,
moun ki pral detwi nasyon yo derape.
Li kite lakay li, l'ap ven devaste peyi Jida a.
L'ap boule lavil peyi Jida yo, li p'ap kite yon moun ladan yo.
Se poutèt sa, mete rad sak sou nou! Kriye! Plenn sò nou!
Paske se pa ti move Senyè a move, li p'ap fè pa nou!
Senyè a di konsa:
— Jou sa a, wa a ansanm ak chèf li yo ap pèdi kouray.
Prèt yo pral sezi, pwofèt yo p'ap konn sa pou yo di.
Lè sa a, mwen di: Aaa! Senyè, Bondye!
Ou twonpe moun lavil Jerizalèm yo nèt.
Ou te di yo yo pa t'ap gen pwoblèm menm,
epi se yon nepe ou voye pou touye yo.
Yon jou ap vini. Lè sa a, y'a di pèp lavil Jerizalèm lan:
Men yon van byen cho k'ap soufle sòti nan dezè a.
L'ap desann sou moun pèp Jida yo.
Se pa yon ti van pou vannen, ni pou netwaye grenn.
Men se yon gwo van m'ap fè sòti laba a.
Kounyeya se mwen menm, Senyè a, ki pral ba yo santans yo.
Gade! Men lènmi yo ap vini tankou nyaj nan syèl la.
Cha lagè yo tankou yon van siklòn.
Chwal yo pi rapid pase malfini.
Zafè nou pa bon! Y'ap fini ak nou!
Moun Jerizalèm, lave mechanste ki nan kè nou pou nou ka sove.
Kilè n'a sispann fè move lide nan tèt nou?
Depi lavil Dann y'ap bay nouvèl la.
Depi sou mòn Efrayim lan y'ap anonse malè a.
Y'ap avèti tout nasyon yo.
Y'ap fè lavil Jerizalèm konnen sa k'ap rive l.
Lènmi ap sòti nan yon peyi byen lwen.
Y'ap rele byen fò, y'ap kouri sou lavil Jida yo.
Yo pral sènen lavil Jerizalèm
tankou moun k'ap veye jaden, paske moun li yo te refize obeyi Senyè a.
Se Senyè a menm ki di sa.
Jida, se lenkondit ou ak move lajisman ou ki lakòz tou sa.
Se mechanste ou ki fè sa rive ou.
Sa pa dous menm! Li frape ou nan kè.