Senyè a di ankò:
— Lè sa a, m'ap Bondye tout branch fanmi pèp Izrayèl la.
Yo tout y'ap vin pèp pa mwen.
Nan dezè a mwen te aji ak bon kè
ak moun ki te chape anba lanmò nan lagè.
Moun Izrayèl yo pral resi viv ak kè poze.
Byen lwen, Senyè a te fè m wè li. Li t'ap di:
Nou menm moun pèp Izrayèl, mwen p'ap janm sispann renmen nou.
Se poutèt sa m'ap toujou aji byen ak nou.
Bèl pèp Izrayèl mwen sa a, m'ap rebati peyi nou an.
Peyi nou an va kanpe ankò.
Nou pral dekwoke tanbouren nou yo ankò.
Nou pral danse ak kè kontan.
Nou pral plante rezen sou tout mòn Samari yo.
Moun ki va plante se yo ki va rekòlte.
Wi, lè sa a moun k'ap veye yo
va rete sou mòn Efrayim yo, y'a rele byen fò:
Annou wè! Ann moute mòn Siyon,
bò kote Senyè a, Bondye nou an.
Senyè a di ankò:
— Chante ak kè kontan pou pèp Izrayèl la!
Pi gwo nasyon pase l nanpwen.
Fè yo tande jan n'ap chante pou Bondye.
Senyè a delivre pèp li a.
Li delivre sa ki te rete nan pèp Izrayèl la.
Wi, se mwen menm, Senyè a, k'ap mennen yo sot nan nò.
M'ap ranmase yo nan dènye bout latè.
Sa ki avèg, sa k'ap bwete,
fanm ki ansent, fanm ki gen tranche,
yo tout ap vin ansanm.
Se yon foul moun k'ap tounen.
Sou tout wout la, y'ap lapriyè, y'ap kriye de ran dlo,
antan m'ap mennen yo retounen.
M'ap fè yo pran yon wout plat
kote yo p'ap bite
jouk yo rive bò sous dlo yo.
Wi, mwen tankou yon papa pou Izrayèl,
Efrayim sa a se premye pitit gason mwen an.
Senyè a di ankò:
— Nou menm lòt nasyon yo, koute sa m'ap di:
Mache fè konnen l nan tout zile ki byen lwen yo.
Di yo: Senyè a te gaye tout pèp Izrayèl la.
Se li menm ki pral sanble yo ankò.
Mwen pral okipe yo, tankou gadò k'ap okipe mouton l.
Mwen libere moun fanmi Jakòb yo.
Mwen delivre yo anba men yon nasyon ki te pi fò pase yo.
Y'ap vini sou mòn Siyon an, y'ap chante tèlman y'ap kontan.
Y'a kontan anpil pou tou sa Senyè a pral ba yo.
L'ap ba yo ble, diven, lwil fre, mouton, kabrit, bèf.
Y'ap tankou yon jaden byen wouze.
Y'ap gen tou sa yo bezwen.
Jennfi yo va danse tèlman y'a kontan.
Jennjan ansanm ak granmoun gason yo va kontan tou.
M'ap wete lapenn nan kè yo, m'ap fè yo kontan.
M'ap fè yo pran kouray.
Nan mitan chagren yo, m'ap fè yo kontan.
M'ap fè prèt yo manje vyann gra kont kò yo.
Pèp mwen an va jwenn tou sa yo bezwen nan tout bon bagay m'a ba yo.
Se mwen menm Senyè a ki di sa.
Men sa Senyè a di ankò:
— Yo tande yon sèl rèl nan Rama.
Yo tande kriye ak gwo anmwe.
Se Rachèl k'ap kriye pou pitit li yo.
Li pa vle kite pèsonn konsole l
paske pitit li yo mouri.
Men sa Senyè a di ankò:
— Sispann rèl ou yo, Rachèl.
Siye dlo nan je ou.
Sa ou te fè pou pitit ou yo p'ap pèdi.
Y'ap tounen sòti nan peyi lènmi yo.
Gen bèl espwa pou ou denmen.
Pitit ou yo pral tounen nan peyi yo.
Se mwen menm Senyè a ki di sa.
Mwen tande moun Izrayèl yo ap plenn.
Y'ap di konsa:
— Senyè, nou te tankou yon ti towo mawon.
Men, ou donte nou, ou moutre nou jan pou nou obeyi ou.
Fè nou tounen vin jwenn ou,
paske ou se Senyè a, Bondye nou an.
Nou te vire do ba ou,
men, kounyeya nou vle tounen vin jwenn ou.
Sa te fè nou lapenn, nou rekonèt sa nou te fè a mal.
Nou te wont, nou te bese tèt nou atè,
paske nou te peche nan tan jennès nou.
Izrayèl, nou se pitit gason mwen pi renmen an,
pitit mwen pi pito a.
Chak fwa non nou vin nan bouch mwen pou m pini nou,
mwen chonje jan mwen renmen nou.
Se poutèt sa mwen fèb pou nou, m'a gen pitye pou nou.
Se mwen menm Senyè a ki di sa.
Mete mak sou tout wout la,
plante jalon sou tout chemen an.
Jwenn chemen ou te pran lè ou taprale a.
Tounen non, nou menm moun pèp Izrayèl yo,
tounen lakay nou nan lavil ki pou nou yo.
Kilè n'a sispann drive deyò, bann wòklò!
Mwen fè yon bagay tou nèf nan peyi a:
Kounyeya se fanm k'ap linyen gason.
Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di ankò:
— Lè m'a fè pèp mwen an tounen lakay li, men sa yo pral mache di ankò nan tout peyi Jida ak nan tout lavil li yo: Se pou Senyè a beni mòn ki apa pou li a, mòn kote Bondye k'ap delivre a rete a.
Se sou mòn sa a moun peyi Jida yo ansanm ak moun tout lavil yo pral rete. Se la moun k'ap travay latè yo ansanm ak moun k'ap gade mouton yo pral rete tou. Mwen pral bay tout moun ki bouke yo kouray. Mwen pral plen vant tout moun k'ap mouri grangou yo. Lè sa a, pèp la va di: Mal dòmi. Lè m leve, mwen wè dòmi an te bon pou mwen.