Madichon pou chèf sa yo ki tankou move gadò k'ap touye, k'ap gaye bann mouton m mete sou kont yo a. Se Senyè a menm ki di sa. Se poutèt sa, men sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di sou chèf li mete reskonsab pèp li a: Nou gaye tout mouton m yo. Nou lage yo nan bwa, nou pa okipe yo. Mwen pral regle nou pou tout mechanste nou yo. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa. M'ap sanble sa ki rete nan pèp mwen an, m pral pran yo nan tout peyi kote mwen te gaye yo a, m'ap fè yo tounen lakay yo. Y'a fè anpil pitit, y'a peple. M'a mete lòt chèf ki va okipe yo. Pèp mwen an p'ap pè anyen ankò, yo p'ap viv ak kè sote ankò. Yonn ladan yo p'ap pèdi. Se mwen menm Senyè a ki di sa.
Senyè a di ankò:
— Yon jou ap vini. Lè sa a, m'a chwazi
yon moun ki dwat nan fanmi David la pou wa.
L'a gouvènen yo ak bon konprann.
L'a fè sa ki dwat, l'a mete jistis nan tout peyi a.
Sou reny wa sa a, pèp Jida a va sove,
pèp Izrayèl la va viv ak kè poze nan peyi li.
Y'a rele li: ‘Senyè, Jistis Nou’.
Senyè a di ankò: Se poutèt sa yon jou va rive lè moun pèp Izrayèl yo p'ap di lè y'ap fè sèman: Se nan non Senyè ki vivan an, li menm ki te fè nou sòti kite peyi Lejip. Lè sa a y'a di: Se nan non Senyè ki vivan an, li menm ki te fè pitit pitit moun pèp Izrayèl yo sòti kite peyi nan nò a ak nan tout lòt peyi kote li te gaye yo pou yo vin rete nan peyi ki rele yo pa yo a.
Mesay sou pwofèt yo:
— Kè m ap fann! M'ap tranble nan tout kò m.
Mwen tankou yon moun ki sou, yon moun ki bwè twòp.
Se Senyè a ki lakòz sa avèk pawòl li yo
ki pawòl Bondye tout bon.
Peyi a plen moun ki vire do bay Bondye.
Madichon Bondye fè tout peyi a nan lapenn.
Jaden zèb yo fin cheche.
Tout moun deyò pou fè sa ki mal.
Yo pran fòs kouray yo pou fè sa ki pa dwat.
Senyè a di ankò:
— Pwofèt yo ansanm ak prèt yo, se yon bann moun ki pa konn Bondye.
Mwen bare yo ap fè sa ki mal nan Tanp lan menm.
Enben, chemen yo pran an pral tankou yon tè glise nan fènwa pou yo.
Yo pral pèdi wout yo, yo pral tonbe.
Mwen pral voye yon sèl malè sou yo lè lè a va rive pou m pini yo.
Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.
Mwen wè pwofèt lavil Samari yo ap fè bagay ki pa fè m plezi.
Y'ap bay mesay nan non Baal.
Yo fè pèp mwen an, pèp Izrayèl la, pèdi chemen l.
Men, sa m wè pwofèt lavil Jerizalèm yo ap fè a ban m degoutans.
Y'ap sèvi lòt bondye sou mwen.
Y'ap plede bay manti.
Y'ap ede moun yo fè mechanste.
Konsa, pèsonn pa sispann fè sa ki mal.
Pou mwen, yo tankou moun lavil Sodòm ak lavil Gomò yo.
Se poutèt sa, men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di sou pwofèt yo:
— Mwen pral ba yo zèb anmè pou yo manje.
Mwen pral ba yo dlo pwazonnen pou yo bwè,
paske pwofèt Jerizalèm yo lakòz tout moun nan peyi a
lage kò yo nan fè sa ki mal.
Men sa Senyè a di moun Jerizalèm yo:
— Pa koute sa pwofèt sa yo ap di nou lè y'ap ban nou mesay.
Se manti y'ap ban nou pou yo ka pran tèt nou.
Se sa ki vin nan tèt yo y'ap di pèp la.
Sa yo di a pa sòti nan mwen.
Yo pale ak moun ki derefize koute m yo,
y'ap di yo: Tout bagay ap mache byen pou nou.
Yo pale ak tout moun ki sòti pou kenbe tèt avè m,
y'ap di yo: Anyen p'ap rive nou!
Mwen di: Pa gen yonn ladan yo ki te la lè Senyè a t'ap fè plan travay li.
Yo yonn pat wè, yo yonn pat tande sa Senyè a te di.
Yo yonn pat louvri zòrèy yo pou yo te koute sa li t'ap di.
Lè Bondye ankòlè se tankou yon van tanpèt,
yon siklòn k'ap tonbe sou tèt mechan yo.
Li p'ap sispann toutotan li pa fin fè tou sa li sòti pou li fè a.
Nan jou k'ap vini yo, pèp la va konprann sa pi byen.