Jeremi 2:1-30

Jeremi 2:1-30 HAT98

Senyè a pale avè m, li di m konsa: — Ale non. Men mesay ou pral bay nan zòrèy tout moun lavil Jerizalèm. Men sa Senyè a di: Mwen chonje jan ou te ye nan tan lontan, jan ou t'ap mouri pou mwen lè ou te jenn, jan ou te renmen m lè nou te fenk marye. Ou te swiv mwen nan dezè a, kote anyen pa pouse. Lè sa a, moun Izrayèl yo te yon pèp ki t'ap viv apa pou mwen ase, tankou premye rekòt jaden yo mete apa pou mwen. Malè te tonbe sou tout moun ki te manyen yo paske se avè m yo te annafè. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa. Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, nou menm tout moun branch fanmi pèp Izrayèl la, koute mesay Senyè a! Men sa Senyè a voye di nou: — Kisa mwen te fè zansèt nou yo ki mal kifè yo te vire do ban mwen? Yo pran mache dèyè yon bann zidòl ki pa vo anyen. Yo menm tou, yo vin pa vo anyen. Yo pa chonje reve mande kote Senyè a, li menm ki te fè nou moute sòti nan peyi Lejip la, li menm ki te louvri chemen pou nou nan dezè a, nan yon peyi tè sèk, plen twou, yon peyi san dlo, plen danje, kote moun pa rete, kote moun pa menm pase. Mwen fè nou antre nan yon peyi kote ki gen bèl jaden pou nou te ka manje tout bon rekòt ak tout lòt bon bagay li yo. Men, lè nou rive ladan l, nou pa respekte peyi a. Nou fè peyi mwen te ban nou an tounen yon peyi ki ban m degoutans. Prèt yo pa janm mande kote Senyè a? Yo menm mwen te fè konnen lòd mwen yo, yo pa konnen m ankò. Chèf yo trayi m. Pwofèt yo pale nan non Baal. Y'ap kouri dèyè zidòl ki pa ka fè anyen pou yo. Se konsa, mwen menm Senyè a, mwen pral plede ak nou ankò. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa. Mwen pral plede ak pitit pitit nou yo. Ale bò solèy kouche, rive jouk sou zile Chip. Voye moun nan peyi Keda, bò solèy leve. N'a wè sa k'ap pase isit la pa janm rive lòt kote anvan sa. Lòt nasyon yo pa janm chanje bondye yo, malgre yo pa bondye tout bon vre. Men, pèp mwen an pito zidòl ki pa ka fè anyen pou yo pase mwen menm, Bondye ki te fè bèl bagay pou yo a. Se pou syèl la pantan lè li tande sa! Se pou l tranble. Se pou l rete sezi! Se mwen menm Senyè a ki di sa. Paske pèp mwen an fè yon doub peche: Yon bò, yo vire do ban mwen, mwen menm ki bon sous dlo fre a. Yon lòt bò, y'al fè rezèvwa pou dlo, epi yon rezèvwa koule, li pa menm ka kenbe tak dlo. Se pa esklav moun pèp Izrayèl yo ye. Ni yo pa fèt nan esklavaj. Poukisa atò lènmi ap bwote yo ale konsa? Y'ap gwonde sou li tankou lyon, y'ap rele byen fò. Yo fè peyi a tounen yon savann. Yo mete dife nan tout lavil li yo. Pa rete yon moun ladan yo. Ata moun Menmfis yo ak moun Tapanès yo ap kale tèt yo. Se nou menm ki chache sa, paske nou vire do bay Senyè a, Bondye nou an, antan li t'ap moutre nou chemen pou nou pran an. Kounyeya, kisa nou kwè n'a jwenn lè nou pran chemen Lejip pou n'al bwè dlo nan larivyè Nil? Kisa ou kwè n'a jwenn lè nou pran chemen Lasiri pou n'al bwè dlo nan larivyè Lefrat? Se mal nou fè a k'ap tounen yon fwèt pou nou! Se vire nou vire do ban mwen an k'ap kondannen nou! Se pou nou konnen jan sa pa dous, jan sa pa bon pou nou vire do ban mwen, Senyè a, Bondye nou an, pou nou sispann gen krentif pou mwen. Se mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa. Izrayèl, gen lontan depi ou pa rekonèt otorite m ankò! W'ap manje kòd, w'ap di: Mwen p'ap sèvi Senyè a. Lèfini, sou tout ti mòn anba tout gwo pyebwa ou nan dezòd, w'ap fè sèvis pou lòt bondye. Mwen te plante ou pou yon pye rezen bon kalite, ki soti nan bon bouti. Men koulyeya, gade jan ou chanje: Ou tounen yon vye pye rezen mawon, Mwen pa konn kote ou soti. Ou te mèt lave kò ou ak gwo savon, ou te mèt fwote kò ou ak potas, m'ap toujou wè kras malpwòpte ou yo sou ou. Se mwen menm Senyè a, Bondye a, ki di sa. Ki jan ou fè ka di ou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen, ou pa janm kouri dèyè Baal yo? Gade tout vye makakri w'ap fè nan fon an! Rekonèt sa ou fè a non! Ou tankou yon jenn fenmèl chamo ki lage nan bwa, w'ap kouri adwat agòch. Ou te tankou yon fenmèl bourik mawon lage nan savann. Lè li anchalè, l'ap pran sant van an. Lè li bezwen kwaze, ki moun ki ka kenbe li? Mal yo pa bezwen bat kò yo pou yo jwenn li. Depi se mwa li, y'ap jwenn li. Izrayèl, manyè sispann! W'ap plede fatige janm ou yo! Gòj ou ap fin chèch! Men w'ap di: Non! M paka fè anyen pou sa! Mwen renmen bondye lòt nasyon yo. Fòk mal dèyè yo. Menm jan yon vòlè wont lè yo bare l, se konsa moun pèp Izrayèl yo pral wont, ni wa yo, ni chèf yo, ni prèt yo, ni pwofèt yo! Yo rele pyebwa yo papa! Yo rele wòch yo manman m' ki fè m'! Wi, yo pito vire ban m' do, pase pou yo tounen vin jwenn mwen. Men depi yo nan traka, y'ap rele: — Senyè, leve non! Vin delivre nou! Men, nou menm moun Jida yo, kote bondye nou te fè pou nou yo? Lè nou nan traka, se yo ki pou leve vin delivre nou, si yo kapab! Moun Jida, nou gen yon bondye nan chak lavil nou yo! Poukisa n'ap plede avè m konsa? Nou tout nou kenbe tèt avè m. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa! Mwen te pini pitit nou yo, men sa pat sèvi anyen. Nou pat dakò pou m te korije nou! Tankou lyon ki fin wè mò, nou rale nepe nou yo, nou touye pwofèt nou yo.