Apre sa, Senyè a di m konsa:
— Pa vin mande m pou m fè anyen pou pèp sa a. Yo te mèt boule bèt pou mwen ak rekòt jaden yo, sa p'ap ka fè mwen kontan ak yo. Okontrè mwen pral fè yo mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi.
Lè sa a mwen di:
— Bondye ki gen tout pouvwa a, ou konnen jan pwofèt yo ap plede di pèp la yo pa bezwen pè, p'ap gen lagè, grangou p'ap tonbe sou yo, paske ou te pwomèt y'ap toujou viv ak kè poze nan peyi a.
Men, Senyè a reponn, li di m konsa:
— Se pa vre sa pwofèt yo ap di a. Yo pran non m pou bay manti! Se pa kras mwen menm ki voye yo. Mwen pa ba yo okenn lòd, mwen pa janm pale ak yo. Si yo fè vizyon, se pa mwen ki ba yo l. Si yo di yo konnen sa ki pral rive, se manti. Se lide yo fè nan tèt yo konsa pou twonpe pèp la, se sa ase yo ka louvri bouch yo di. Se poutèt sa, men sa Senyè a di li pral fè pwofèt li pat janm voye yo men ki pran non l pou di pèp la p'ap gen lagè ni grangou nan peyi a: Se nan lagè ak nan grangou tout pwofèt sa yo pral mouri! Moun yo t'ap bay mesay sa yo pral fini menm jan an tou. Yo pral mouri nan lagè ak nan grangou, yo menm, madanm yo, pitit gason ak pitit fi yo. Yo pral jete kadav yo nan tout lari lavil Jerizalèm. P'ap gen pèsonn pou antere yo. Se konsa m'ap fè yo peye mechanste yo.
Men sa w'a di yo ankò:
— Se pou je m koule dlo san rete
lajounen kou lannwit,
paske pèp mwen an tankou yon tifi
ki pran gwo frakti, l'ap soufri rèd soufri.
Lè m sòti al nan jaden,
mwen wè kadav moun yo touye nan lagè.
Lè m antre nan lavil la,
mwen wè moun ap mouri grangou!
Pwofèt yo menm ansanm ak prèt yo
ap mache nan tout peyi a, yo pa konn sa y'ap fè.
Senyè, genlè ou voye pèp Jida a jete nèt! Eske ou rayi moun mòn Siyon yo?
Poukisa ou frape nou konsa jouk nou pa ka geri a?
Nou t'ap tann ou vin delivre nou, anyen pa rive.
Nou t'ap tann gerizon, epoutan se boulvès nou jwenn.
Senyè, nou rekonèt nou antò.
Nou rekonèt zansèt nou yo te fè sa ki mal.
Wi, nou tout nou antò devan ou.
Chonje ki moun ou ye, pa meprize nou!
Jerizalèm, se la fòtèy pouvwa ou la chita. Pa avili l.
Pa bliye pwomès ou yo. Pa kase kontra ou te fè ak nou an.
Zidòl moun lòt nasyon yo pa vo anyen.
Pa gen yonn ladan yo ki ka voye lapli.
Syèl la pou kont pa l pa ka bay lapli.
Se ou menm ki Senyè a, Bondye nou an!
Se ou menm ki tout espwa nou,
paske se ou menm ki fè tout bagay sa yo.