Abimelèk, pitit gason Jewoubaal ki te rele Jedeyon tou, ale lavil Sichèm kote frè menm manman avè l yo te rete. Li pale ak yo ansanm ak tout fanmi papa manman l yo, li di yo:
— Tanpri, ale pale ak tout grannèg ki mèt lavil Sichèm yo. Mande yo si yo ta pito gen tout swasanndis pitit gason Jewoubaal yo pase yon sèl ladan yo pou chèf? Pa bliye, se bon fanmi san nou mwen ye!
Se konsa tout fanmi manman Abimelèk yo mache pale ak tout grannèg ki mèt lavil Sichèm yo, yo mande yo menm bagay la. Tout moun te panche pou Abimelèk, paske yo t'ap di se ti fanmi yo li ye. Yo ba li swasanndis pyès ajan yo te pran nan tanp Baal-Berit la. Avèk lajan sa a, li lwe sèvis kèk voryen ak kèk vakabon pou mache avè l. Lale lakay papa l nan lavil Ofra, li touye tout swasanndis frè l yo, pitit Jewoubaal yo, anwo menm wòch la. Men, dènye pitit gason Jewoubaal la, Jotam, te kache. Se konsa li pat mouri. Lè sa a, tout chèf ki nan lavil Sichèm yo ansanm ak tout moun Bèt-Milo yo mete tèt yo ansanm, y'al toupre pye bwadchenn repozwa ki kanpe nan lavil Sichèm lan, yo fè Abimelèk wa.
Lè Jotam vin konn sa, l'al kanpe sou tèt mòn Garizim lan, li pran pale byen fò pou tout moun tande, li di konsa:
— Nou menm grannèg ki mèt lavil Sichèm yo, koute sa m'ap di nou. Apre sa, se pou Bondye koute sa nou menm nou pral di. Vwala yon jou, tout pyebwa yo pran desizyon chwazi yon wa pou mete alatèt yo. Yo di pye bennzoliv la: Vin gouvènen nou non! Pye bennzoliv la di yo: Nou ta vle mwen sispann bay lwil ki sèvi pou fè lwanj bondye yo ak lwanj lèzòm pou m al chèf sou tout pyebwa! Y'al jwenn pye figfrans lan, yo di l: Ou menm, pye figfrans, vin gouvènen nou non! Pye figfrans lan di yo: Nou ta vle mwen sispann bay bon ti fwi dous pou m ale chèf sou tout pyebwa! Lè sa a, yo di pye rezen an: Ou menm pye rezen, vin gouvènen nou non! Pye rezen an di yo: Nou ta vle mwen sispann bay diven ki fè kè bondye yo ak kè lèzòm kontan pou m al chèf sou tout pyebwa! Lè sa a, yo di pye pikan an: Ou menm pye pikan, vin gouvènen nou non! Pye pikan an di yo: Si nou sòti tout bon vre pou nou fè m wa alatèt nou, enben, vini non. Vin mete kò nou nan lonbray mwen. Si nou pa fè sa, gen yon sèl dife k'ap sòti nan touf pikan an, l'ap boule nou tout, ata pye sèd peyi Liban yo! Kounyeya, m'ap mande nou: Eske se tout bon vre epi ak tout kè nou nou mete Abimelèk wa pou gouvènen nou? Dapre nou, se yon bèl bagay nou fè la a pou Jewoubaal ak fanmi l yo? Eske se sa Jewoubaal merite apre sa li te fè pou nou? Chonje jan papa m te goumen pou nou, jan li te riske lavi l pou nou, pou l te ka delivre nou anba men moun Madyan yo. Epi pou jòdi a nou leve dèyè fanmi papa m yo. Nou touye swasanndis pitit gason l yo sou menm wòch la, epi nou pran Abimelèk, yon pitit gason li fè ak yonn nan sèvant li yo, nou mete l wa alatèt grannèg lavil Sichèm yo. Poukisa? Paske se fanmi nou li ye? Si se tout bon vre epi ak tout kè nou nou fè Jewoubaal ak fanmi l yo sa nou fè la a, enben, n'ap kontan avèk Abimelèk nou an. Li menm tou l'a kontan ak nou! Men, si se pa sa, se pou yon dife sòti nan Abimelèk pou li boule dènye grannèg lavil Sichèm yo ak tout moun ki nan Bèt-Milo. Se pou dife sòti nan grannèg lavil Sichèm yo ak tout moun ki nan Kay-Ranble a pou l devore Abimelèk!
Apre sa, Jotam kouri met deyò. L'al kache lavil Beyè, paske li te pè Abimelèk, frè l la.