Jij 9:1-21

Jij 9:1-21 1998 Haïtienne (HAT98)

Abimelèk, pitit gason Jewoubaal ki te rele Jedeyon tou, ale lavil Sichèm kote frè menm manman avè l yo te rete. Li pale ak yo ansanm ak tout fanmi papa manman l yo, li di yo: — Tanpri, ale pale ak tout grannèg ki mèt lavil Sichèm yo. Mande yo si yo ta pito gen tout swasanndis pitit gason Jewoubaal yo pase yon sèl ladan yo pou chèf? Pa bliye, se bon fanmi san nou mwen ye! Se konsa tout fanmi manman Abimelèk yo mache pale ak tout grannèg ki mèt lavil Sichèm yo, yo mande yo menm bagay la. Tout moun te panche pou Abimelèk, paske yo t'ap di se ti fanmi yo li ye. Yo ba li swasanndis pyès ajan yo te pran nan tanp Baal-Berit la. Avèk lajan sa a, li lwe sèvis kèk voryen ak kèk vakabon pou mache avè l. Lale lakay papa l nan lavil Ofra, li touye tout swasanndis frè l yo, pitit Jewoubaal yo, anwo menm wòch la. Men, dènye pitit gason Jewoubaal la, Jotam, te kache. Se konsa li pat mouri. Lè sa a, tout chèf ki nan lavil Sichèm yo ansanm ak tout moun Bèt-Milo yo mete tèt yo ansanm, y'al toupre pye bwadchenn repozwa ki kanpe nan lavil Sichèm lan, yo fè Abimelèk wa. Lè Jotam vin konn sa, l'al kanpe sou tèt mòn Garizim lan, li pran pale byen fò pou tout moun tande, li di konsa: — Nou menm grannèg ki mèt lavil Sichèm yo, koute sa m'ap di nou. Apre sa, se pou Bondye koute sa nou menm nou pral di. Vwala yon jou, tout pyebwa yo pran desizyon chwazi yon wa pou mete alatèt yo. Yo di pye bennzoliv la: Vin gouvènen nou non! Pye bennzoliv la di yo: Nou ta vle mwen sispann bay lwil ki sèvi pou fè lwanj bondye yo ak lwanj lèzòm pou m al chèf sou tout pyebwa! Y'al jwenn pye figfrans lan, yo di l: Ou menm, pye figfrans, vin gouvènen nou non! Pye figfrans lan di yo: Nou ta vle mwen sispann bay bon ti fwi dous pou m ale chèf sou tout pyebwa! Lè sa a, yo di pye rezen an: Ou menm pye rezen, vin gouvènen nou non! Pye rezen an di yo: Nou ta vle mwen sispann bay diven ki fè kè bondye yo ak kè lèzòm kontan pou m al chèf sou tout pyebwa! Lè sa a, yo di pye pikan an: Ou menm pye pikan, vin gouvènen nou non! Pye pikan an di yo: Si nou sòti tout bon vre pou nou fè m wa alatèt nou, enben, vini non. Vin mete kò nou nan lonbray mwen. Si nou pa fè sa, gen yon sèl dife k'ap sòti nan touf pikan an, l'ap boule nou tout, ata pye sèd peyi Liban yo! Kounyeya, m'ap mande nou: Eske se tout bon vre epi ak tout kè nou nou mete Abimelèk wa pou gouvènen nou? Dapre nou, se yon bèl bagay nou fè la a pou Jewoubaal ak fanmi l yo? Eske se sa Jewoubaal merite apre sa li te fè pou nou? Chonje jan papa m te goumen pou nou, jan li te riske lavi l pou nou, pou l te ka delivre nou anba men moun Madyan yo. Epi pou jòdi a nou leve dèyè fanmi papa m yo. Nou touye swasanndis pitit gason l yo sou menm wòch la, epi nou pran Abimelèk, yon pitit gason li fè ak yonn nan sèvant li yo, nou mete l wa alatèt grannèg lavil Sichèm yo. Poukisa? Paske se fanmi nou li ye? Si se tout bon vre epi ak tout kè nou nou fè Jewoubaal ak fanmi l yo sa nou fè la a, enben, n'ap kontan avèk Abimelèk nou an. Li menm tou l'a kontan ak nou! Men, si se pa sa, se pou yon dife sòti nan Abimelèk pou li boule dènye grannèg lavil Sichèm yo ak tout moun ki nan Bèt-Milo. Se pou dife sòti nan grannèg lavil Sichèm yo ak tout moun ki nan Kay-Ranble a pou l devore Abimelèk! Apre sa, Jotam kouri met deyò. L'al kache lavil Beyè, paske li te pè Abimelèk, frè l la.

Pataje
Li Jij 9

Jij 9:1-21 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Abimélek, fils de Yeroubaal, va à Sichem trouver les frères de sa mère. Il leur dit : « Allez demander ceci aux habitants de la ville : “Qu’est-ce qui vaut mieux pour vous ? Avoir pour chefs les 70 fils de Yeroubaal, ou avoir un seul chef ? Souvenez-vous que je suis de votre famille.” » Les oncles d’Abimélek vont répéter toutes ses paroles aux habitants de Sichem. Ils décident de choisir Abimélek. En effet, ils se disent : « C’est notre frère. » Ils lui donnent 70 pièces d’argent, venant du temple de Baal-Berith. Avec cet argent, Abimélek achète des gens qui ne valent rien et des bandits pour qu’ils le suivent. Ensuite, il entre dans la maison de son père, à Ofra, et il tue ses frères, les 70 fils de Yeroubaal, sur le même rocher. Il reste seulement Yotam, le plus jeune fils, parce qu’il s’est caché. Les habitants de Sichem et toute la population de Beth-Millo se réunissent. Ils vont près du grand arbre sacré de Sichem, à côté de la Pierre dressée. Là, ils proclament Abimélek roi. Yotam apprend la nouvelle. Alors il monte en haut du mont Garizim et il crie, aussi fort qu’il peut : « Écoutez-moi, habitants de Sichem, et Dieu vous écoutera ! « Un jour, les arbres décident de choisir un roi. Ils disent à l’olivier : “Sois notre roi !” L’olivier répond : “Les dieux et les êtres humains aiment mon huile. Est-ce que je vais laisser mon huile pour aller m’agiter au-dessus des autres arbres ?” Alors les arbres disent au figuier : “Viens donc, toi ! Sois notre roi !” Le figuier répond : “Est-ce que je vais laisser mes bons fruits sucrés pour aller m’agiter au-dessus des autres arbres ?” Ensuite, les arbres disent à la vigne : “Toi, sois notre reine.” La vigne répond : “Mon vin donne de la joie aux dieux et aux humains. Est-ce que je vais laisser mon vin pour aller m’agiter au-dessus des autres arbres ?” Alors tous les arbres disent au buisson d’épines : “Viens donc, toi ! Sois notre roi !” Le buisson d’épines dit aux arbres : “Si vraiment vous voulez me choisir comme roi, venez vous mettre sous mon ombre. Si vous ne le faites pas, un feu sortira de mes épines et il brûlera même les cèdres du Liban !” » Yotam continue : « Vous, habitants de Sichem, est-ce que vous avez agi honnêtement et sincèrement quand vous avez proclamé Abimélek roi ? Est-ce que vous vous êtes bien conduits envers Yeroubaal et sa famille ? Est-ce que vous avez été reconnaissants pour les services qu’il vous a rendus ? Mon père a combattu pour vous, il a risqué sa vie pour vous délivrer des Madianites. Mais vous, aujourd’hui, vous vous êtes levés contre la famille de mon père, vous avez tué ses fils, 70 hommes, sur le même rocher. Puis vous avez proclamé, comme roi de Sichem, Abimélek, le fils que mon père a eu de sa servante. Vous avez fait cela parce qu’il est votre frère. Si vous avez agi honnêtement et sincèrement envers Yeroubaal et sa famille, qu’Abimélek vous rende heureux, et vous-mêmes, rendez-le heureux ! Dans le cas contraire, qu’un feu sorte d’Abimélek pour brûler les habitants de Sichem et de Beth-Millo ! Et qu’un feu sorte aussi des habitants de Sichem et de Beth-Millo pour brûler Abimélek ! » Ensuite, Yotam fuit et va à Beéra. Il reste là parce qu’il a peur d’Abimélek, son frère.

Pataje
Li Jij 9

Jij 9:1-21 New International Version (NIV)

Abimelek son of Jerub-Baal went to his mother’s brothers in Shechem and said to them and to all his mother’s clan, “Ask all the citizens of Shechem, ‘Which is better for you: to have all seventy of Jerub-Baal’s sons rule over you, or just one man?’ Remember, I am your flesh and blood.” When the brothers repeated all this to the citizens of Shechem, they were inclined to follow Abimelek, for they said, “He is related to us.” They gave him seventy shekels of silver from the temple of Baal-Berith, and Abimelek used it to hire reckless scoundrels, who became his followers. He went to his father’s home in Ophrah and on one stone murdered his seventy brothers, the sons of Jerub-Baal. But Jotham, the youngest son of Jerub-Baal, escaped by hiding. Then all the citizens of Shechem and Beth Millo gathered beside the great tree at the pillar in Shechem to crown Abimelek king. When Jotham was told about this, he climbed up on the top of Mount Gerizim and shouted to them, “Listen to me, citizens of Shechem, so that God may listen to you. One day the trees went out to anoint a king for themselves. They said to the olive tree, ‘Be our king.’ “But the olive tree answered, ‘Should I give up my oil, by which both gods and humans are honored, to hold sway over the trees?’ “Next, the trees said to the fig tree, ‘Come and be our king.’ “But the fig tree replied, ‘Should I give up my fruit, so good and sweet, to hold sway over the trees?’ “Then the trees said to the vine, ‘Come and be our king.’ “But the vine answered, ‘Should I give up my wine, which cheers both gods and humans, to hold sway over the trees?’ “Finally all the trees said to the thornbush, ‘Come and be our king.’ “The thornbush said to the trees, ‘If you really want to anoint me king over you, come and take refuge in my shade; but if not, then let fire come out of the thornbush and consume the cedars of Lebanon!’ “Have you acted honorably and in good faith by making Abimelek king? Have you been fair to Jerub-Baal and his family? Have you treated him as he deserves? Remember that my father fought for you and risked his life to rescue you from the hand of Midian. But today you have revolted against my father’s family. You have murdered his seventy sons on a single stone and have made Abimelek, the son of his female slave, king over the citizens of Shechem because he is related to you. So have you acted honorably and in good faith toward Jerub-Baal and his family today? If you have, may Abimelek be your joy, and may you be his, too! But if you have not, let fire come out from Abimelek and consume you, the citizens of Shechem and Beth Millo, and let fire come out from you, the citizens of Shechem and Beth Millo, and consume Abimelek!” Then Jotham fled, escaping to Beer, and he lived there because he was afraid of his brother Abimelek.

Pataje
Li Jij 9

Jij 9:1-21 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Abimélek, l’un des fils de Yeroubbaal, se rendit à Sichem auprès de ses oncles maternels, et leur dit en présence de tout le groupe familial de sa mère : Posez donc à tous les notables de Sichem la question suivante : « Que vaut-il mieux pour vous ? Etre gouvernés par les soixante-dix fils de Yeroubbaal ou par un seul homme ? Souvenez-vous que nous sommes du même sang, vous et moi ! » Ses oncles allèrent répéter ses paroles à tous les notables de Sichem. Ceux-ci décidèrent de suivre son parti puisqu’il était l’un des leurs. Ils lui donnèrent soixante-dix pièces d’argent prélevées dans le temple de Baal-Berith. Avec cet argent, Abimélek embaucha des vauriens et des aventuriers pour qu’ils le suivent. Puis il se rendit à Ophra où vivait la famille de son père et massacra ses soixante-dix frères, fils de Yeroubbaal, en les tuant sur le même rocher. Seul Yotam, le plus jeune fils de Yeroubbaal, échappa, car il s’était caché. Tous les notables de Sichem et de Beth-Millo se rassemblèrent et proclamèrent Abimélek roi, près du chêne de la stèle, aux environs de Sichem. On en informa Yotam qui se rendit au sommet du mont Garizim, d’où il cria à pleine voix : Ecoutez-moi, gens de Sichem, si vous voulez que Dieu vous écoute ! Un jour, les arbres se décidèrent à choisir un roi pour les commander. Ils dirent à l’olivier : « Règne sur nous ! » Mais l’olivier répondit : « Devrais-je renoncer à produire mon huile, avec laquelle on honore Dieu et les hommes, pour aller me pavaner au-dessus des autres arbres ? » Alors les arbres dirent au figuier : « Viens, toi, règne sur nous ! » Mais le figuier leur répondit : « Vais-je renoncer à produire des fruits exquis et sucrés pour aller me pavaner au-dessus des autres arbres ? » Puis les arbres dirent à la vigne : « Viens donc, toi, règne sur nous ! » Mais la vigne leur répondit : « Vais-je renoncer à produire mon vin qui réjouit Dieu et les hommes pour aller me pavaner au-dessus des autres arbres ? » Finalement, tous les arbres dirent au buisson d’épines : « Viens donc, toi, règne sur nous ! » Et le buisson d’épines leur répondit : « Si, de bonne foi, vous voulez faire de moi votre roi, venez vous abriter sous mon ombrage. Si vous refusez, un feu jaillira du buisson d’épines et consumera même les cèdres du Liban. » Maintenant donc, est-ce de bonne foi et en toute droiture que vous avez agi en proclamant Abimélek roi ? Avez-vous bien agi envers Yeroubbaal et sa famille ? L’avez-vous traité selon ce qu’il méritait ? Mon père a combattu pour vous, il a risqué sa vie pour vous délivrer des Madianites. Et vous, aujourd’hui vous vous êtes attaqués à sa famille, vous avez tué ses fils, soixante-dix hommes à la fois sur un même rocher, et vous avez établi roi de Sichem Abimélek, le fils de sa servante, parce qu’il est des vôtres. Si donc, aujourd’hui c’est de bonne foi et en toute droiture que vous avez agi à l’égard de Yeroubbaal et de sa famille, eh bien, qu’Abimélek fasse votre bonheur et vous le sien ! Sinon, qu’un feu sorte d’Abimélek et consume les habitants de Sichem et de Beth-Millo, et qu’un feu sorte des habitants de Sichem et de Beth-Millo et consume Abimélek. Puis Yotam s’enfuit et alla se réfugier à Beer où il s’établit pour échapper à son frère Abimélek.

Pataje
Li Jij 9