Jij 8:1-17

Jij 8:1-17 HAT98

Moun fanmi Efrayim yo di Jedeyon konsa: — Poukisa ou pat rele nou depi lè ou ta pral goumen ak moun peyi Madyan yo? Poukisa ou fè nou sa? Yo te fache anpil sou li. Men, li di yo: — Sa m fè a pa ka parèt devan sa nou menm nou fè a! Ti sa nou menm moun Efrayim yo, nou fè a pi plis pase sa nou menm ti fanmi Abyezè a, nou fè! Bondye lage Orèb ak Zeyèb, de chèf moun Madyan yo, nan men nou. Kisa mwen fè ki ka parèt devan sa? Fini li fin di yo sa, mesye Efrayim yo pa fache sou li ankò. Jedeyon rive bò larivyè Jouden an avèk twasan mesye ki te avè l yo. Yo janbe larivyè a. Apre tout kouri sa a yo te fè dèyè lènmi yo, yo te bouke anpil. Jedeyon pale ak moun lavil Soukòt yo, li di yo: — Tanpri, bay mesye m yo kèk moso pen pou yo manje. Yo bouke anpil. M'ap kouri dèyè Zebak ak Salmouna, wa moun Madyan yo. Men chèf lavil Soukòt yo di l konsa: — Poukisa ou vle pou nou bay lame ou la manje! Ala ou pokò mete men sou Zebak ak Salmouna! Jedeyon di yo: — Anhan! Se konsa! Bon! Lè Senyè a va fin lage Zebak ak Salmouna nan men mwen, m'ap tounen pou nou! M'ap filange nou ak fwèt pikan ak chadwon savann. Li kite lavil Soukòt, li moute lavil Penwèl. Li mande yo menm bagay la. Men, moun lavil Penyèl yo reponn li tankou moun lavil Soukòt yo. Jedeyon di yo: — Mwen gen pou m tounen apre batay la! Lè sa a, m'ap kraze gwo fò won sa a. Zebak ak Salmouna te lavil Kakò avèk tout lame yo. Nan tout kantite sòlda moun dezè yo, te gen sanvenmil (120.000) sòlda ki te mouri. Te rete sèlman kenzmil (15.000) gason. Jedeyon pran wout ki pase nan dezè a, sou bò solèy leve lavil Nobak ak lavil Yogbeya, epi li tonbe sou lame a ki te kwè pat gen danje pou yo ankò. Zebak ak Salmouna, de wa Madyan yo, kouri met deyò. Jedeyon kouri dèyè yo, li mete men sou yo, li gaye tout lame a, li fè yo kraze rak. Lè Jedeyon, pitit Joas la, tounen sòti nan lagè a, li pase sou ti mòn Erès la. Li fè yo mete men sou yon jenn gason ki te rete lavil Soukòt epi li kèsyonnen l. Jenn gason an ekri non swasanndisèt moun ki te otorite ak chèf fanmi lavil Soukòt li bay Jedeyon. Apre sa, Jedeyon al jwenn moun lavil Soukòt yo, li di yo: — Nou chonje jan nou te joure m pou Zebak ak Salmouna! Nou te di m nou pat ka bay mesye m yo moso pen pou yo manje atout yo te bouke, paske mwen pat ankò mete men sou Zebak ak Salmouna. Men yo tande! Lèfini, li pran branch pikan ak chadwon nan savann lan, li bat chèf lavil Soukòt yo byen bat. Apre sa, l'al kraze gwo fò won lavil Penwèl la, epi li touye mezi gason ki te rete nan lavil la.