Li voye chache Barak, pitit gason Abinoram, moun lavil Kadès nan peyi moun Neftali yo. Li di l konsa: — Men lòd Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ba ou: Ale! Mennen sòlda ou yo sou mòn Tabò. Nan branch fanmi Neftali a ak nan branch fanmi Zabilon an, pran dimil (10.000) gason avè ou. M'a pral fè Sizera, kòmandan chèf lame wa Jaben an, vin fè lagè avè ou bò larivyè Kichon. L'ap vini avèk cha lagè li yo ansanm ak tout sòlda li yo. Men m'ap lage li nan men ou. Barak di Debora: — Si ou prale avè m, m'a prale. Men si ou pa prale avè m, mwen pa prale. Debora reponn: — Bon. Dakò! M prale avè ou. Men, yo p'ap janm di se ou ki te bat Sizera, paske se yon fanm Senyè a ap fè touye l. Epi Debora leve, l'ale lavil Kadès ansanm ak Barak.
Li Jij 4
Koute Jij 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jij 4:6-9
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo