Jij 13:1-25

Jij 13:1-25 HAT98

Moun pèp Izrayèl yo te rekonmanse ankò ap fè sa ki mal nan je Senyè a. Senyè a lage yo nan men moun Filisti yo pandan karantan. Te gen yon nonm yo te rele Manoak. Se te moun lavil Zora, li te fè pati branch fanmi Dann lan. Madam li pat janm ka fè pitit. Zanj Senyè a parèt devan madanm lan, li di l konsa: — Ou pat janm ka fè pitit, pa vre? Men ou pral vin ansent, ou pral fè yon pitit gason. Piga ou janm bwè diven, ni okenn lòt bweson ki pou fè ou sou. Nitou, piga ou manje anyen ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje. Paske ou pral ansent, ou pral fè yon pitit gason. Piga ou janm koupe cheve nan tèt li, paske depi nan vant manman l, se yon gason k'ap viv apa pou Bondye tankou nazirit yo l'ap ye. Se li menm ki pral konmanse travay pou delivre pèp Izrayèl la anba men moun Filisti yo. Apre sa, madanm lan antre al di mari l: — Yon moun Bondye te vin bò kote m. Lè mwen gade l, pou jan li te fè m pè a ou ta di yon mesaje Bondye. Mwen pa mande l kote l sòti, ni li pa ban m non li. Li di m konsa: Ou pral ansent, ou pral fè yon pitit gason. Piga ou janm bwè diven, ni okenn lòt bweson ki pou fè ou sou. Ni piga ou manje anyen ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje. Paske pitit gason ou lan pral viv apa pou Bondye tankou nazirit yo depi nan vant manman l jouk jou li mouri. Lè sa a, Manoak lapriyè Senyè a, li di: — Tanpri, Mèt mwen, fè moun Bondye ou te voye a vin bò kote nou ankò pou l ka di nou sa pou nou fè pou ti gason ki pral fèt la. Bondye fè sa Manoak te mande l la vre. Epi mesaje Bondye a vin bò kote madanm lan ki te chita nan yon jaden. Manoak, mari a, pat avè l. Madanm lan prese kouri al bay mari l nouvèl la. Li di li konsa: — Men moun ki te vin bò kote m lòt jou a parèt devan m ankò. Manoak leve, li swiv madanm li. L'al jwenn nonm lan, epi li di l: — Se ou menm ki te pale ak madanm sa a? Li reponn: — Wi, se mwen. — Manoak di l: — Bon. Lè tou sa ou di yo va rive, kijan pou m elve ti pitit la? Kisa pou l fè ak sa pou l pa fè? Mesaje Senyè a di Manoak konsa: — Se pou madanm ou fè tou sa mwen di l fè a. Piga li janm manje anyen ki fèt avèk rezen. Piga li janm bwè diven ni okenn lòt bweson ki pou fè l sou. Piga li janm manje anyen ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje. Se pou li fè tou sa mwen mande l fè a. Manoak di mesaje Senyè a: — Tanpri, poko ale. Kite nou kwit yon jenn ti kabrit pou ou. Mesaje Senyè a di Manoak konsa: — Menm si mwen rete mwen p'ap manje manje w'ap ban mwen an. Men si ou vle, touye yon ti kabrit, boule l nan dife tankou yon ofrann pou Senyè a. Manoak pat ankò konnen si se te yon mesaje Senyè a ki te devan l. Manoak di mesaje Senyè a: — Di nou ki jan ou rele pou nou ka fè lwanj pou ou lè pawòl ou di yo va rive vre. Mesaje Senyè a di l: — Poukisa nou vle konnen non m? Non m se yon mèvèy. Manoak pran jenn ti kabrit la ak kèk grenn jaden, li mete yo sou lotèl wòch la, li ofri yo pou Senyè a ki fè yon mèvèy devan Manoak ak madanm li ki te rete la ap gade. Pandan flanm dife yo t'ap sòti sou lotèl la moute nan syèl la, Manoak ak madanm li wè mesaje Senyè a moute nan syèl la nan flanm dife a. Lè yo wè sa, yo lage kò yo fas atè. Manoak ak madanm li pa janm wè mesaje Bondye a ankò. Se lè sa a, Manoak vin konprann se te yon mesaje Senyè a ki te parèt devan yo a. Lè sa a, Manoak di madanm li: — Nou pral mouri, paske nou wè Bondye! Madanm lan di l: — Si Senyè a te vle touye nou, li pa ta asepte ofrann nou fè pou li yo. Li pa ta fè nou wè tout bagay sa yo, ni li pa ta fè nou tande tout pawòl sa yo. Apre sa, madanm lan fè yon pitit gason, li rele l Samson. Pitit la grandi, Senyè a te beni l. Epi lespri Senyè a konmanse travay nan li antan li te nan kan moun Dann yo, ant Soreja ak Echtawòl.