Madichon pou lènmi nou yo! Y'ap devalize nou, pèsonn pa devalize yo. Y'ap trayi nou, pèsonn pa trayi yo. Men tou, lè y'a fin devalize nou, moun va devalize yo tou! Lè y'a fin trayi nou, moun va trayi yo tou! Senyè, pitye pou nou! Se nan ou nou mete tout espwa nou! Pwoteje nou jou apre jou! Delivre nou lè nou anba tray! Lè w'ap goumen pou nou, tande lòt nasyon yo tande bri lagè a, yo kouri met deyò, yo gaye. Tankou krikèt nan jaden, nou kouri lage kò nou sou tou sa yo genyen, nou ranmase tout bagay pot ale. Ala pouvwa Senyè a genyen! Li donminen sou tout bagay! L'ap fè tout moun mache dwat nan lavil Jerizalèm. Pèsonn p'ap fè lenjistis sou mòn Siyon an. Li p'ap kite anyen rive pèp la ankò. Sa k'ap toujou sove yo, se va bon konprann ak konesans Bondye ap ba yo a. Pi gwo richès yo, se krentif y'a gen pou Senyè a. Vanyan gason ap rele anmwe. Moun yo te voye pou siyen lapè yo ap kriye ak gwo lapenn nan kè yo. Nanpwen pèsonn sou granchemen yo. Moun pa vwayaje ankò. Lènmi yo pa respekte kontra yo te siyen an, yo pa kenbe dizon yo. Y'a manke tout moun dega. Peyi a nan lapenn, l'ap deperi. Nan peyi Liban, moun pa konn sa pou yo fè. Gwo rakbwa yo ap cheche. Bèl plenn peyi Sawon an tounen savann. Nan tout peyi Bazan ak peyi Kamèl, tout pyebwa ap pèdi fèy.
Li Ezayi 33
Koute Ezayi 33
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ezayi 33:1-9
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo