Ezayi 26:1-4

Ezayi 26:1-4 HAT98

Jou sa a, pèp la va chante kantik sa a nan peyi Jida: — Kounyeya, nou gen yon lavil ki byen pwoteje! Bondye bati gwo miray ak ranpa pou l delivre nou. Louvri pòtay lavil yo! Kite nasyon ki toujou kenbe pawòl li ak Bondye a, nasyon ki fè sa ki dwat devan Bondye a antre. Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou! Mete konfyans nou nan Bondye pou tout tan paske Senyè a ap toujou la pou pwoteje nou.