Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Oze 6:1-6

Oze 6:1-6 HAT98

Pèp la di: — Annou wè non! Ann tounen al jwenn Senyè a! Se li menm ki blese nou, se li menm ankò ki ka geri nou! Se li ki mete san nou deyò, se li ki ka mete renmèd sou maleng nou yo. Apre de jou, l'a ban nou lavi ankò. Sou twazyèm jou a, l'a fè nou kanpe ankò, n'a viv ankò devan je l. N'a konnen Senyè a, n'a toujou chache konnen Senyè a pi byen. Tankou nou sèten solèy la gen pou l leve, konsa tou nou sèten n'ap jwenn li. Tankou nou sèten lapli gen pou l wouze latè lè sezon l rive, konsa tou nou sèten l'ap vin jwenn nou. Senyè a di: — Nou menm moun Efrayim, kisa pou m fè ak nou? Nou menm moun Jida, kisa pou m fè ak nou? Nou renmen m, se vre. Men se pou yon ti tan. Ou ta di yon ti nyaj ki pase anvan solèy leve. Wi, tankou lawouze ki disparèt anvan solèy fin leve. Se poutèt sa mwen voye pwofèt mwen yo pou manyè pini nou. Mwen mete pawòl nan bouch yo ki ta kont pou touye nou. Mwen fè nou konnen sa mwen vle nou fè, mwen mete l aklè devan nou. Mwen ta pito wè nou renmen m tout bon pase pou n'ap fè tout ofrann bèt sa yo ban mwen. Mwen ta pito wè nou chache konnen m vre, mwen menm Bondye nou an, pase pou n'ap boule tout bèt sa yo pou mwen.

Li Oze 6

Koute Oze 6

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Oze 6:1-6

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo